Connect with us

Hi, what are you looking for?

Politique

Gwoup Petrochallenger “Nou Konsyan” fikse pozisyon l sou misyon “OEA” nan Dayiti

Gwoup Petrochallenger "Nou Konsyan" fikse pozisyon l sou misyon "OEA" nan Dayiti

Nan yon konferans pou laprès yo bay jodi mèkredi 8 jwen an, gwoup petrochallenger Nou Konsyan fikse pozisyon l sou misyon yon delegasyon ” OEA “voye bò isit.

Ekonomis Pilate Voltaire, yon nan manb estrikti sa ki t ap fè yon rezime pou redaksyon Juno7 la de sa k te di anndan konferans lan te pwofite okazyon an pou fesilite tout pati politik, regwoupman politik ki boude envitasyon OEA a.

Pou Nou Konsyan OEA gen yon responsablite moral ak politik nan kriz peyi a ap travèse, selon konsta manb li yo. Pou sa, estrikti a rete kwè enstans entènasyonal la pa ka ap pale sou medyasyon.

Pi lwen, estrikti a estime pandan 10 lane pouvwa PHTK a, OEA pa janm pran pozisyon bò kote popilasyon an. Nou Konsyan rale tou koze lajan petwokaribe, masak, manda Jovenel fini, OEA pa janm pran pozisyon, yon fason pou kritike enstans entènasyonal la.

Nou Konsyan kwè OEA plis pwone koripsyon, destabilize peyi k ap konnen yon kwasans ekonomik tankou Venezyela, bay koudeta tankou Bolivi.

Strikti a kesyone OEA pou mande l kote l te ye lè popilasyon an t ap mande kont sou kesyon petwokaribe a ki se kesyon koripsyon lajan ki gagote.

Nou Konsyan rejte akò kek pati politik ki deside chita epi pwopoze pou gen yon depa òdone. Pou Nou Konsyan se yon bagay ki “biaisé”.

Estrikti a deklare li pa nan ti pas kout, se nan kasasyon pou y ale epi swete gen yon tranzisyon ripti.

Se te okazyon pou estrikti a voye senpati bay moun Bèlè, Matisan ki kite kay yo akoz gang k ap goumen antre yo.

Nou Konsyan konkli pou fè konnen yo pa nan negosiyasyon, pran pòs, medyasyon ak Jovenel Moïse paske manda l bout depi 7 fevriye 2021 an.

Gwoup Petrochallenger "Nou Konsyan" fikse pozisyon l sou misyon "OEA" nan Dayiti

Dekouvri plis:

Haïti bat le Nicaragua et s’offre le ticket pour la 2ème phase des éliminatoires

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu