Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Sekretè Deta Alfabetizasyon an remèt plis pase 400 diplòm ak aprenan nan komin Pilat

Sekretè Deta Alfabetizasyon an remèt plis pase 400 diplòm ak aprenan nan komin Pilat

Sekretè Deta Alfabetizasyon an remèt plis pase 400 diplòm ak aprenan ki arive konn li ak ekri nan komin Pilat, depatman Nò.

Yon seremoni gradiyasyon te òganize dimanch 30 janvye 2022 a, nan komin Pilat, depatman Nò, kote 480 aprenan ki aprann li ak ekri epi kapab fè kalkil senp resevwa diplòm yo pandan seremoni gradiyasyon sa ki te fèt sou lidèchip sekretè Deta Biwo Alfabetizasyon an Sandra Jacques Suzette Michel Saint Georges te sòti depi Pòtoprens ak yon delegasyon Biwo a  pou te vin asiste ak seremoni an.

Pwogram aprantisaj sa te demare depi mwa avril ane pase sou patenarya Biwo Sekreteri Deta pou Alfabetizasyon nan tèt kole ak yon fondasyon ki abitye ofri sèvis nan devlopman kominotè nan komin Pilat ki rele FODEP. 

Sekretè Deta a sou bò pa l te asire swivi pwogram sa kote li te fè sipèvizyon yo, evaliyasyon ak sètifikasyon jiskaske pwogram sa fini.

Selon renponsab yo gen plis pase 400 aprenan ki pa t fè evaliyasyon yo akoz fyèv ki te gen nan peyi a ki te mete anpil moun kouche. 

Men, pwosesis evaliyasyon an te arive fèt kanmèm kote 15 aprenan pa reyi egzamen yo.

Pandan seremoni sa ki te fèt nan okazyon senkyèm anivèsè FODEP, responsab òganizasyon yo te tou pwofite onore Sekretè Deta alfabetizasyon an yo estime ki trè dinamik nan tèt biwo l ap dirije a epi remèt li yon sètifika onè ak merit nan sans sa. 

Yon mès aksyon de gras te chante tou kote avan sa te gen yon posesyon ki te soti Ri Atrelle pase ri Haut de Marché ak Bout Nat pou ale nan Pawas Sent Woz de Lima kote mès la te chante. 

Sandra Jacques Suzette Michel Saint Georges nan lapawòl li te pran te mete aksan sou enpòtans sosyete sivil la nan montre moun li ak ekri epi anonse ouvèti lòt sant nan tèt kole ak òganizasyon kominotè yo. Li te pwofite bay 8 machin a koud epi pwomèt ak aprenan yo lòt materyèl. 

N ap souliye pou ou, sekretè deta a gen yon lisans an jesyon li dekwoche nan inivèsite GOC, li gen yon fòmasyon nivo metriz an jesyon pwojè li pran nan inivèsite Kiskeya. Li pran fòmasyon tou nan jesyon resous zimèn, fòmasyon nan andragoji ki se yon teknik alfabetizasyon pou granmoun. Li se yon ansyen konsiltan nan KEP a.

Sekretè Deta Alfabetizasyon an remèt plis pase 400 diplòm ak aprenan nan komin Pilat

Dekouvri plis:

La PNH débat sur le rôle de la presse dans la lutte contre l’insécurité

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu