Connect with us

Hi, what are you looking for?

An kreyòl

Yon lòt fwa Fantom menase l ap tire Carel Pedre

Carel

Yon lòt fwa atis Fantom menase l ap tire Carel Pedre.

Nan yon bout videyo ki dire 2 minit Carel Pedre poste sou paj li, nou ka remake atis Fantom k ap viv depi kèk tan nan peyi vwazen di anpil gwo mo kont Carel Pedre epi Frantz Duval. Li menase yon lòt fwa ankò l ap touye animatè ayisyen an.

Nan videyo sa, rapè a rantre nan manman Frantz Duval ak Carel Pedre. Videyo sa vini aprè Sumfest fin fèt epi Haïti en Folie ki t ap fèt Kanada. “Carel ou mouri deja nan menm. Ou wè si nèg yo pa tiye w mwen pa rele Fantom”, se konsa atis la te voye menas yo atravè videyo sa yon lòt moun t ap filme.

Pi lwen nan entèvansyon li yo, li kalifye redaktè an chèf Le Nouvelliste la mas***, li ensiste l ap tiye Carel. “Carel gen pou mouri nan men m, m ap kase kou chaw*** sa”.

Carel Pedre nan yon ti kout mesaj ki akonpaye videyo sa li poste a raple l ap resevwa menas sa yo depi avril 2020. “Atak yo kòmanse depi avril 2020. Yo pase de jouman, ti menas a bay baton. Kounye a se bay bal, touye ak kase kou… Kòm nou tout gen pou ale, m ap tann jou pa m lan”, se konsa animatè a te reyaji.

Byen avan videyo sa, sa gen kèk jou anndan yon lòt videyo, Fantom te menase l ap bòykote Sumfest epi bat Carel Pedre jis ba l bal paske l estime li pa sipòte rapè ayisyen yo pandan l ap defann lòt gwoup atis tankou Dadju.

Carel

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu