Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Anpil jounalis pile beton an pou di NON ak britalite polisyè

Anpil jounalis pile beton an pou di NON ak britalite polisyè

Anpil jounalis te òganize yon mach jodi jedi 28 janvye 2021 an, nan lari pòtoprens, pou di non ak zak abi lapolis ap fè yo, lè y ap ekzèse travay yo sou tèren an.

Se te anpil jounalis ki te rejwenn pa anpil manm nan popilasyon an, anpil militan politik ki te pote solidarite yo ak sektè près la. Mach sa te dewoule sou tèm “Jounalis se gadyen libète”, avèk tou anpil pankat ki te gen pwopo pou denonse zak abi lapolis ap fè sou jounalis yo.

Anpil gwo kad nan sektè a te prezan nan mach sa, tankou : Muraille Jean Myrtho(Radyo Zénith), Yvener F. Joseph (RSF), Robinson Alphonse(Majik 9), Marc Guerson Philistin(Radyo Caraïbes), ak anpil lòt ankò.

Lunie Joseph ki se kòdonatris jeneral Radio Zénith, te pwofite okazyon sa pou l denonse zak abi lapolis ap fè sou jounalis yo epi li te pwofite fè polisye yo konnen jounalis yo pa anfas yo.

“Nou prezan nan mach la pou nou di non ak britalite polisyè , pliske se konstitisyon an, nan atik 28.1, ki ba nou dwa sa pou nou fè travay nou jan nou dwe fè l. N ap di polisye yo jounalis yo pa anfas yo, jan yo ka fè travay yo, nou ka fè travay nou konsa, men nan respè dewontoloji metye a”, deklare Kòdonatris jeneral Radio Zénith lan.

Kenny Petit-Frère ki se yon nan inisyatè mach pasifik sa, te pale tou pou l voye di polisye yo .

“nou voye yon mesaj klè bay lapolis pou nou di yo, nou pa ènmi yo, nou se santinèl pèp la menm si gen moun ki konsidere nou kòm kont pouvwa. Enfòmasyon se yon byen komen li ye. Jodi a n ap mache pou nou di non ak zak ke lapolis ap fè sou jounalis yo”, deklare ansyen jounalis Radyo Signal la.

Yon lòt kote, Edris Fortuné ki te viktim jou ki te 15 janvye 2021 an, nan jounen manifestasyon opozisyon an te òganize nan lari pòtoprens, te bay dizon l sou represyon polisyè kont jounalis nan kad travay yo.

“Nou menm kòm jounalis, nou pa dwe gen yon krentif , yon polisye lè n ap fè travay nou, zak vyolans yo dwe kanpe sou nou. Nou pa di zak yo ap alel kanpe aprè mach sa, men nou vle sa kòmanse diminye. Nou pa gen pwoblèm ak enstitisyon an, nou gen pwoblèm ak kèk polisye k ap konpòte yo an kriminèl. Fòk nou kanpe pou nou di non nou pa aksepte polisye leve men sou nou ankò”.

Reyaksyon yo pat diferan bò kote anpil lòt konfrè ak konsè ki yo menm ap reklame respè dwa jounalis nan lari a. Robest Dimanche ale pi lwen pou l raple polisye yo lè yo gen pwoblèm se jounalis yo konvoke pou fè pase revandikasyon yo.

“Nou deside jodi a pou nou mete tèt ansanm pou nou fè mach sa pou nou di non ak zak k ap fèt sou nou. Polisye lè yo bezwen revandike se nou ki fè mesaj yo pase. Nan optik sa nou mande yon amonizasyon, an n jere sitiyasyon an. Nou pa gen patwon, nou pa gen sendika, nou pa gen moun ki pou pote plent pou nou. Nou pran lari a pou nou di lapolis «Stop»”, deklare Robest Dimanche ki se repòtè Radio Zénith.

Mach sa te demare sou plas nèg mawon, monte Lali, tonbe Boudon devan OPC, retounen ale pase bò Inivèsite Pòtoprens, vire bò Natcom, ale Bwavèna, desann Channmas. Sa te fèt pasifikman, san pat gen kawotchou ki te boule, epi pat gen barikad sou wout yo, jis li t al bout sou plas konstitisyon an sou channmas.

Dekouvri plis :

Anthony Blinken, pour faire la rupture avec la diplomatie sous Trump

Plus de contenu

Actualités

Face à la brutalité policière contre des journalistes, radio Uni FM appelle la Police Nationale à rejeter les pratiques totalitaires. À travers une note...

Insécurité

Des individus armés attaquent une patrouille de la PNH à Port-au-Prince, la Synapoha rapporte l’escalade de la violence Un policier de la 31e promotion,...

Nécrologie

Jounalis fotograf Wesly Gedeon mouri aprè yon aksidan moto. Jounalis fotograf Wesly Gedeon anpil moun konnen nan sektè a kòm jèn ki toujou sou...

Aktyalite AN KREYÒL

Sou demann plizyè kouch anndan sosyete a ki te mande ak sitwayen yo bat tenèb pou di non ak koze kidnapin anndan peyi a,...