Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Biwo Suivi Akò Montana denonse kont maltaye ki fèt pou mete Edgard Leblanc Fils nan tèt konsèy prezidansyèl la

Biwo Suivi Akò Montana denonse kont maltaye ki fèt pou mete Edgard Leblanc Fils nan tèt konsèy prezidansyèl la
Getting your Trinity Audio player ready...

Biwo Suivi Akò Montana (BSA) fè konnen se yon kont maltaye yon kowalisyon 4 sektè nan Konsèy prezidansyèl la fè pou mete Edgard Leblanc Fils prezidan

Nan yon nòt ki pote siyati Jacques Ted Saint-Dic, Magalie Comeau Denis ak Ernst Mathurin, Biwo Suivi Ako Montana (BSA) a denonse kont maltaye yon kowalisyon 4 sektè anndan Konsey Prezidansyèl la konplote sou do popilasyon an nan mitan lannuit lendi pou rive madi 30 avril 2024 la pou rive mete Edgard Leblanc Fils prezidan konsèy la.

Nan nòt sila a, 4 sektè sa yo Kolektif 30 janvye, FDF/RED/ Konpwomi Istorik, Pitit Desalin ak Akò 21 desanm deside vyole akò politik 3 avril yo te siyen an ak tout pwojè dekrè sou kreyasyon, òganizasyon ak fonksyonman Konsèy la, lè yon nonmen pou kont yo, san chèche konsansis ki se premye demach ki dwe fèt la, san aksepte prensip vòt, kidonk san eleksyon, yo nonmen yon kowòdonatè Konsèy la, yon Premye minis ak tout gouvènman yo, san respekte mekanis patisipatif yo te siyen an.

“Kowalisyon 4 sektè sa yo enskri tèt yo nan menm demach vyolasyon akò ki kontinye ap fè politik san etik, nan trayizon angajman yo pran piblikman nan Akò 3 avril la. Fòs mafya politik ak ekonomik yo deside fòk yo pran kontwòl Konsèy Prezidansyèl la ak gouvènman pou yo ka kontinye kontwole Leta peze souse a, tou sa nan bi pou mafreze pouvwa tranzisyon an epi fè I tounen yon pataj gato ak privilèj nan pwofi klan politik ak ekonomik tradisyonèl ki trennen peyi a nan kawo li ye jounen jodi a”

Pi lwen, BSA a di l bay popilasyon ayisyen an garanti li pap sèvi kosyon pou pwojè mafya nan sektè ekonomik ak politik ki mete kote I ye jodi a e ki vle kontinye kenbe privilèj nan Leta a, kontinye move trafik, koripsyon, kontrebann, antre bato nan pwovens pou pa peye taks, pandan yap fè tout moun sonje se pratik kòripsyon ak enpinite nan sistèm lan ki anjandre ensekirite a e pèmèt li rive nan nivo envivab ap sibi jodi a.

Biwo Suivi Akò Montana denonse kont maltaye ki fèt pou mete Edgard Leblanc Fils nan tèt konsèy prezidansyèl la

Li tou :

Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an di se ak tristès y ap komemore fèt Agrikilti ak Travay la

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Politique

Getting your Trinity Audio player ready... La présidence tournante du CPT adoptée, Edgard Leblanc Fils s’oppose et appelle au respect de l’accord du 3...

Politique

Getting your Trinity Audio player ready... Ce mardi 30 avril 2024, lors d’une réunion au Villa d’Accueil à Musseau pour élire un président du...