Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Plizyè jounalis t ap bat tenèb pou di non ak koze kidnapin lan

Plizyè jounalis t ap bat tenèb pou di non ak koze kidnapin lan
Crédit Photo: Fortuné Edris

Sou demann plizyè kouch anndan sosyete a ki te mande ak sitwayen yo bat tenèb pou di non ak koze kidnapin anndan peyi a, plizyè jounalis ki t ap swiv yon fòmasyon anndan FOKAL te f on soti nan lari a bò midi epi ale bat tenèb.

Jounalis sa yo te klaksonen machin yo, genyen ki t ap bat bravo ak bat chèz, genyen ki te pran wòch epi ap frape fè ak pòt pou patisipe nan bat tenèb la. Yo te fè yon dizèn minit ap fè sa.

Konfrè yo te jwenn solidarite chofè machin ak moto ki t ap klaksonnen tou pandan yo t ap pase devan FOKAL.

Plizyè moun te kanpe bò lari a ap obsève, bat bravo tou fas ak jès jounalis sa yo. Se te anviwon yon ventèn jounalis ki te patisipe nan bat tenèb la.

Repòtè Juno7 ki te nan lari a obsève tenèb la t ap bat plizyè kote nan Pòtoprens lan, sou Dèlma, toujou nan menm lide pou di non ak kidnapin.

Dènye jou sa yo ka kidnapin nan ogmante anndan kapital la, ki pouse gouvènman an plas la pran de seri de desizyon tankou entèdi kesyon vit machin tente, yon fason pou lite kont kidnapin lan.

Dekouvri plis:

Ou manje deja? Chef Lemaire nous dit tout!

Click to comment

Laisser un commentaire

Granmoun renmen li…timoun fou pou li…se yon dirikontan!
Quand le design rencontre la performance. Il y a tant de choses à apprécier dans la toute nouvelle MG RX5, avec ses caractéristiques extérieures élégantes et sportives et son intérieur élégant et confortable.

Plus de contenu

Insécurité

Haïti : 83 cas de kidnapping recensés en juillet 2023 par le Centre d’Analyse et de Recherche en Droits de l’Homme (CARDH). Le Centre...

Insécurité

Kidnapping: l’état de santé de la journaliste Blondine Tanis se dégrade, Denel Sainton appelle à sa libération. Le journaliste de la RTVC, Denel Sainton,...

Actualités

La Solidarité des Femmes Haïtiennes Journalistes (SOFEHJ) demande la libération de la journaliste Blondine Tanis. À travers une note de presse en date du...

Sécurité

Haïti : le CARDH a recensé 150 cas d’enlèvements entre avril et juin 2023, soit une baisse de 61, 4% La République d’Haïti a...