Connect with us

Hi, what are you looking for?

Politique

Ariel Henry ak kominote entènasyonal la fè Ayiti tounen yon lanfè pou Ayisyen, daprè Akò Montana

Ariel Henry ak kominote entènasyonal la fè Ayiti tounen yon lanfè pou Ayisyen, daprè Akò Montana

Ariel Henry ak kominote entènasyonal la fè Ayiti tounen yon lanfè pou Ayisyen, daprè Akò Montana yo

Nan yon nòt pou laprès, Biwo Swivi Akò Montana (BSA) ak plizyè lòt ògàn akò sila tankou Konsèy Nasyonal Tranzisyon (KNT), Fowòm Politik MONTANA (FPM) ak Platfòm Sosyete Sivil (PSS) la denonse sitiyasyon peyi a yo konsidere ki dejenere anba gouvènans Ariel Henry. Estrikti sa yo di yo konstate ak endiyasyon peyi a tounen yon lanfè pou pèp ayisyen depi chèf gouvènman fin enstale nan tèt Primati.

« Vyolans gang ame ak gang k ap bay zam ap simen doulè toupatou ; sitou nan zòn metwopòl Pòtoprens lan. Okenn katye pa epanye, okenn moun pa ekzante, timoun, granmoun, fanm ansent tout moun ap koukouman anba kidnaping, kadejak, kout bal epi boukannen kadav yo kòm dènye kout tiwèl », diferan estrikti sa yo konstate dapre nòt sa ki pote siyati James Beltis, Ernst Mathurin, William Jeanty ak Bonivert Claude.

Esktrikti sila yo kritike atitid gouvènman an ki pa fè anyen pou chanje sitiyasyon pèp la e yo lonje dwèt sou kominote entènasyonal la k ap sipòte gouvènman an san gade dèyè. Dapre Akò Montana, estraji sila anvlimen kriz la pi plis.

«Pandan 20 mwa sa yo, gouvènman defakto a pa montre ni volonte, ni kapasite pou adrese sitiyasyon mafreze sa a ki trennen dèyè I paralizi prèske total aktivite ekonomik, sosyal ak kiltirèl ki sous lavi nan sosyete a. Pandan 20 dènye mwa sa yo, Ayiti tounen yon savannn anba gouvènans PM defakto a ak alye lokal kou entènasyonal li yo. Yo fè peyi a tounen yon lanfè pou pèp Ayisyen pandan peyi nan Karayib la, menm Nasyonzini rekonèt responsablite Etazini pou kantite zam fannfwa I ap ekspòte nan rejyon an pou anvlimen banditis ak ensikirite», siyatè nòt sila denonse.

Ariel Henry ak kominote entènasyonal la fè Ayiti tounen yon lanfè pou Ayisyen, daprè Akò Montana

Dapre Montana, tout inisyativ gouvènman an ak kominote entènasyonal la pran, kit se entèvansyon militè, kit se sanksyon osinon Akò 21 desanm, ale nan sans pou bloke tout inisyativ Ayisyen pou chache yon konsansis reyèl. « Yo pito vin ede moun ak sektè ki responsab sitiyasyon enfènal sa a, jwenn yon nouvo fòmil pou kenbe pouvwa a ak kriz la tennfas. Anplis y ap ankouraje gang yo pran plis teritwa, monte volim vyolans lan yon mannyè pou kase rezistans popilasyon an, fè li mete ajenou pou sipliye zòt vin pote I sekou. Konsa y ap jwenn manda ak Iejitimite pou fè Ayiti tounen sa yo vle a », BSA ak lòt siyatè nòt sa kwè.

Pou Akò Montana a, devan konplo sa a, li enpòtan pou Ayisyen nan tout sektè machekontre pou kanpe yon Inite Nasyonal anndan pèp revandikatif la pou manifeste volonte I ak angajman reyèl li pou rekonstwi Leta a epi kondwi nasyon an nan direksyon pou I ka kontrekare defi k ap boulvèse mond lan.

Nan sans sa a, Montana di li lanse yon apèl bay tout òganizasyon ak tout pèsonalite siyatè Akò 30 dawout 2021 an nan tout peyi a ak nan dyaspora a pou rejwenn youn ak lòt pou mobilize epi ansanm machekontre aktè nan tout lòt sektè konsekan yo pou yon inite istorik pèp nasyon an, ki li menm sel, sèl, kapab kapab sòti peyi peyi a nan.

Dekouvri plis:

Diplomatie : le Honduras renie Taïwan et s’allie avec la Chine de Xi Jinping

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu