Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Ayiti : Rezime aktyalite yo soti 22 pou rive 27 novanm 2020

Ayiti : Esansyèl aktyalite yo soti 22 pou rive 27 novanb 2020

Ayiti : Salitasyon ak ou byenvini nan dènye soti ribri esansyèl aktyalite pou mwa novanm lan.

Sosyopolitik

-20 novanm pase a wo kòmandman PNH la opere plizyè chanjman stratejik nan lapolis la.

-lapolis nan site solèy arete 22 novanm lan 4 kidnapè, pami yo yon fanm, an flagran deli kote yo t ap ale ak Josselyn Estiverne ke lapolis te arive libere.

-Ti Peter nimewo 3 chèf gang 5 segond lan arete samdi 21 novanm pase a, nan zòn Sat apre yon operasyon DCPJ.

-Opozisyon an pa entèmedyè mèt Andre Michel depoze yon plent fòmèl kont DG PNH la, Léon Charles pou asasina, tantativ asasina, abi otorite elatriye…

-Nan yon nòt ONI fè konnen kat idantifikasyon an se gratis li ye ni lè w al fè l ak lè w al pran l, yon fason pou alète moun ke yo pa dwe peye yon goud jan enfo fè kwè gen moun ki peye pou kat la.

-ONI enstale yon anèks li nan ayewopò entènasyonal Tousen Louvèti madi 24 novanm pase a.

-3 milyon ayisyen ap viv san batistè dapre sa DG achiv nasyonal la fè konnen.

-Fwa sou seksyalite a ki sou 2e edisyon ke APS ap òganize ap fèt 28 novanm, nan lokal BANJ, sou wout Dèlma.

-Asosiyasyon ETECH onore 25 novanm lan 12 pèsonalite nan peyi a, pami yo Chrisnette Saint Georges, Amos Cincir, Alcero Marc-Arthur, Jean Wilfrid Bertrand, DG achiv nasyonal la.

-Mèkredi 25 novanm lan, BRH enjekte pou yon 5e fwa nan mwa novanm lan 10 milyon dola vèt pou stabilize to de chanj lan an Ayiti. Sa ki bay yon total 59 milyon bank santral peyi a gentan enjekte nan ekonomi an.

-vandredi 20 novanm lan, 250 mil baril dyezèl rive Ayiti daprè sa DG BMPAD la te fè konnen ak sal redaksyon Juno7.

-Maarten Boute nome konseye an diplomasi ekonomik pou Bèljik an Ayiti. Se anbasad peyi Bèljik ki deziye l madi 24 novanm lan.

Kilti

-“Bon bagay”, se tit nouvèl albòm Beethova Oba soti kote albòm sa disponib sou anpil platfòm mizikal.

Entènasyonal

-Ansyen prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy ki gen 65 jan jije pou koripsyon kote li te akize tou pou trafik enfliyans kote l te tante kowonpi yon majistra.

-premye pitit prezidan ameriken an, Donald Trump Jr te teste pozitif a kovid19, selon sa pòt pawòl li te anonse.

-Anfen Donald Trump resi rekonèt viktwa Joe Biden, li otorize pou yo mete yon tranzisyon an plas pou fasilite monte nouvo prezidan an 20 janvye.

Espò

-Ayiti ap akeyi an desanm pou 1e fwa yon pwogram klèb foutbòl Real Madrid kote pwogram sa ap òganize pa Phoenix Sports pou yon santèn timoun isit.

-Maradona mouri mèkredi 25 novanm lan apre yon arè kadyak. Jou ki te jedi 26 lan yo chante fineray li nan peyi Ajantin, peyi sa te dekrete 3 jou dèy apre lanmò foutbolè 60 tan an.

Dekouvri plis:

Kidnapè yo mande yon gwo sòm pou libere Doktè David Telemaque kap touche 9 mil goud

Plus de contenu