Connect with us

Actualités

Ayiti-Kriz : Ayiti2054 lanse yon apèl pou yon jefò patriyotik pou yon Dyalòg Jenerasyonèl

Published

on

Ayiti-Kriz : Ayiti2054 lanse yon apèl pou yon jefò patriyotik pou yon Dyalòg Jenerasyonèl 29
Jac

Pou Ayiti2054, kriz kap trakase peyi depi kèk tan pa yon kriz pouvwa men pito yon kriz sosyal. Òganizasyon politik sila envite lajenès ak majorite silansyez la angaje yo. Nan yon dokiman li pibliye nan dat mèkredi 9 oktòb 2019 la, Ayiti2054 fè konprann se pa ni prezidan ni opozisyon osinon sektè prive kap goumen pou monopòl kap sove nou, men pito libète zansèt yo kite pou nou. Li nesesè nan sans sa pou gen yon jefò patriyotik pou yon dyalòg jenerasyonèl. Ajans anliy Juno7 pwopoze n li entegralite tèks sila.

Jenès Peyi nou, Majorite silansyez la,

Eprèv lavi yo pa piti pou nou jounen jodi a; viv nan pwòp peyi nou prèske pa gen ankenn sans ankò. Nou anvi leve pati kouri kite peyi nou. Politisyen ba nou degou. Nou pa gen espwa. Nou pè e nou pa vle konnen okenn lòt okipasyon peyi a nan syèk sa a. Men si nou te toujou fè silans, nou te toujou ap plenn nan kè; konnen ankenn moun pa dwe aksèpte viv nan povrete sa ak gwo krent eklatman sosyal. Si Nou vle koupe fache ak povrete fwa sa tout bon vre, paske nou pa kwè ka gen pi mal pase sa;Kit ou nan peyi a oubyen nan dyaspora, malgre tou ou gen lògèy pou redrese peyi ou, pou ou toujou fyè de li, ou pare pou fè yon jefò patriyotik, e ou kwè ayisyen ka toujou fè yon jès ekstraòdinè. Mesaj sa a konsène ou.

Ayiti2054 kontinye kwè menm jan nou te di l nan manifès 7 fevriye 2019 la, se pa yon kriz pouvwa peyi a genyen. Se yon kriz ke politik kreye. Se yon kriz sosyal, kriz sosyete; Se sitou mòd rapò nou devlope ak Leta a – ki ban nou kalite sosyete sa a, kote n’ap viv nan mizè ak lawont. Si lè yon moun pran pouvwa se pou dirije – pandan 30 dènye lane yo – elit politik ak ekonomik lan, ki jwenn entèlektyèl kap pliye devan yo, dirije nou nan labou.

Barbancourt

Aktè yo antann yo pou kenbe n nan eta nou ye a, fè n vin pi mal chak jou, nan anpeche n reflechi pou jwenn bonjan solisyon pou pwòp tèt nou, pou jenerasyon nou an ki gad televizyon yo, ki gen tout teknoloji yo, ki pati al etidye… ki nouri ògèy pou chanje eskanp figi peyi a, pou montre jenerasyon sa a pa dwe pase, pou Ayiti pa chanje. Kòm lòt lidè pa janm byen vini sou tab politik la. Si l pa nwa, fòk li blan. Kòmkwa l pa ka gri. Estabilite aktè yo vle a se pou fè tipaskout ak pouvwa a, men se pa pou kreye lavi miyò.

Yo ka fè sa paske yo konte sou silans nou. Yo konte sou yon jenès ki vinn pi divize ke yo menm menm; yo konte sou prekarite nou; yo konte sou move edikasyon yo te ba nou; yo konte sou enkapasite nou pou nou derasinen fòm politik sa a, yo konte sou lachte nou, sou krentif nou pou n pa pèdi ti sa n genyen, sou depandans nou ak yo, sou kowonp yo ka kowonp nou, manipile nou, achte nou; jiskaske yo fè nou pè youn lòt.

Nou oze vin fè ti pale sa avè ou paske si nou pa pale kounya a, si nou pa aji konnya a menm, nap disparèt. Lamizè ap touye n youn aprè lòt. Nap kouri kite peyi a grenn pa grenn. Nap echwe. Men , nou pa gen dwa echwe, paske nou pa gen dwa mouri pou Ayiti pa kòmanse chanje devan je nou.

Li rive moman pou n fè pale sèl sa n rete nan sa a zansèt yo te kite pou nou ki se libète n. Libète pou diyite n kòm moun. Se yon verite Klas politik sa a ak fòm politik yap mennen an pa kapab ede nou soti nan sa nou ye la. Ni Prezidan, ni lopozisyon ni pouryanis sektè prive k ap goumen pou monopòl. Gen yon volonte pou pa janm poze vrè pwoblèm yo, pandan sèl sousi aktè yo se pran “pouvwa” pou jwi; san panse a met kanpe Leta sa a ki ajenou.

Nou konnen sak fè ou pako pale. Se paske ou gen yon kesyon kap trakase ou ki fè ou pako deside: Kiyès moun sa yo ki pral dirijan demen yo? Repons lan klè kou dlo kòk. Se nouvèl jenerasyon an ki gen responsabilite sa a. Se nou ki pou fè sa nou konnen pou leve eskanp figi Ayiti. Moun kominote entènasyonal la pap ka vire tounen n jan yo vle, moun ki konnen se pou Ayiti yap dirije se pa pou blan.

Genyen de jèn ki Komanse pran inisyativ politik ak sosyal atravè peyi a paske yo konnen se sou zepòl yo menm listwa mete gwo chay sa a. Se yon chwa jenerasyonèl, se yon sakrifis jenerasyonèl.

Nou menm jenn fanm ak jenn gason ki reyini nan projè vizyonè Ayiti2054 la nou pran
responsabilite nou di :’’ Jenerasyon sa pap pase pou Ayiti pa chanje’’. Nou vini pami lòt yo, angaje jefò patriyotik peyi a bezwen an, malgre nou konnen pati politik yo dekriye. Malgre Se anpil lajan kifè politik; ki oblije ou al konpromèt tèt ou devan lòt nasyon ak sektè prive kwoupyon. Malgre yo vle fè n kwè si n pa gen gang, si n pa pare pou nou fè vyolans, nou pa ka rantre nan politik, malgre nou konnen se gwo gwo jefò ki pou remete leta a kanpe e se kounye la menm.

Nou fè yon apèl ak rasanbleman tout inisyativ nouvèl jenerasyon yo nan pòtoprens kou nan pwovens ak nan dyaspora pou nou pa pran nan pyèj rantre nan batay pou pouvwa kounya, men pito nan goumen pou chavire sistèm nan, pou mete Leta pou tout moun nan kanpe; inisye yon lòt fòm politik.

Ayiti2054 kwè gen yon lòt paradig ki kreye nan politik la a. Anpil inisyativ pran. An n konsolide fòs nou nan ofri pèp ayisyen an yon lòt jenerasyon lidè, yon jenerasyon neyopwogresis ki ka kreye yon Ayiti kote n ap sispann goumen pou myèt, pou kras, nan kreye lòt pespektiv kote aktè yo ka wè pi lwen ke pwent nen yo.

Se pou sa nou vinn di ou sou konjonkti a tout desizyon ti kounouk ki ap pran ant klas politik sa a pap bon pou nou; enterè nasyon an pa enterè yo. Yo fin montre sa yo te ka bay deja, jodi a se lòt doktè malad la bezwen, doktè ki pa wè li mouri deja; doktè ki gen jèvrenn ak enterè pou manman yo pa mouri. Se pa maladi a ki twòp pou nou, se doktè yo ki pa bon.

Ayiti dwe derasinen touswit epi antere vye politik sa ak klas politik sa a, vye rapò sosyal ak ekonomik sa ki kenbe pandan twò lontan nou nan kras.

Ayiti dwe pale ak tèt li pou rantre nan rèy estabilite a. Swa nou fè konferans nasyonal Delpe a ak tout moun pou nou rekadre enstitisyon yo ak reg jwèt la oubyen nou gen yon gouvènman inyon nasyonal ki monte pou 6 mwa pou fè eleksyon jeneral kote nou sanksyone klas politik sa a alawonnbadè.
Nou menm nap Pouswiv refleksyon sou kijan Ayiti pral trouve plas li pami nasyon yo nan 21e syèk sa a. Koman li dwe monte 7 mach diyite yo pou nou rive selebre 250 lane endepandans yo nan progrè ak diyite nan 35 lane kap vini la a. :

1. Mach Estabilite politik
2. Mach Modènizasyon ekonomik
3. Mach Reparasyon sosyal
4. Mach soutnabilite anviwonmantal
5. Mach predominans kiltirèl ak espòtif
6. Mach lidèchip rejyonal
7. Mach grandèt majè

Pa boude ni mande kiyès nou ye, pa fache paske ou pat pran inisyativ la, fòk te gen apèl sa a nou fè yon premye pa nou lanse l, nou sonnen kònn lanbi rasanbleman tout fòs popilè ak jèn yo. Fè dezyèm pa a, fon jès kòmanse rankontre yon lòt gwoup, fè tande vwa ou, pa rete sou whatsapp, twitter ak facebook sèlman, an nou rankontre pou je nan je nou deside sak pou fèt pou peyi nou. Menm jan nou pral lanse yon seri dyalòg prese prese ak ansyen Prezidan chanm yo; ansyen minis ekonomi yo; ansyen minis afè sosyal ak edikasyon yo kite sèvi leta a.

Premye travay la se rasanble fòs nou,pa gen lògèy ladann vwa Ayiti2054 twò piti, se pou sa nou fè apèl a ou menm, gwoup òganize fon jès, òganizasyon popilè si ou vle vrèman kriz la fini tout bon, si ou vle konstwi nouvo lidèchip ki pral kwape klas politik san konsyans sa a, sitwayen sitwayèn si ou kwè rasanbleman an se fòs la; fè jès voye yon sms bay nimewo sa: 509-4304-2054. Oubyen voye yon mesaj bay imel sa a: [email protected], oubyen al swiv nou sou twitter sa a: @ayiti2054 ak facebook sa a : Ayiti2054.

Nou menm nan majorite silansyez la, nou menm nouvèl jenerasyon an nou deside pran desten nou an men e nou pap rechinye pou nou fè bèl Jefò patriyotik avni peyi a egzije kounye la menm. Fè yon jès soti nan silans ou ann konstwi Gwo kowalisyon chanjman an.

Solisyon an se nan met tèt ansanm nap jwenn li, ann fè yon dyalòg jenerasyonèl. Bon konba!

Phénil Gordon DÉSIR
Sekretè Egzekitif Pati Politik Ayiti2054

Alez_728

John F. Moreau (PDG | juno7) - Jinaud Augustin (ADM, Redacteur en Chef) - Jusner JEAN-PIERRE CPAH, (Economiste) - Lunick Revange (Redacteur) Pierre Emmanuella Tanis (Rédactrice) - Ody Bien-Eugène (Photographe) - Patrick Edouarzin TCHOOKO (Caricaturiste), Chrisnette Saint Georges (Présentatrice) Jean Herntz Antilus (Rédacteur)

Advertisement

Abonnez-vous

Saisissez votre adresse e-mail pour vous abonner

Join 999,832 other subscribers

Archives