Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Fas ak sitiyasyon kriz la, Platfòm Politik Rezistans Demokratik angaje l pou jwenn yon solisyon

Fas ak sitiyasyon kriz la, Platfòm Politik Rezistans Demokratik angaje l pou jwenn yon solisyon

Fas ak sitiyasyon kriz la, Platfòm Politik Rezistans Demokratik angaje l pou jwenn yon solisyon

Fas ak sitiyasyon kriz ki gen nan peyi a, Platfòm Politik Rezistans Demokratik nan yon nòt ki pote siyati Jonas Coffy, nan non Ayisyen pou Ayiti, Sterline Civil pou pati politik Angaje pou Devlopman, Renald Luberice, ansyen premye minis Claude Joseph, ansyen komisè gouvènman Bedford Claude, ansyen minis kondisyon fanm Marie Giselhaine Mompremier, ansyen minis enteryè Ardouin Zéphirin ak lòt ankò di yo angaje yo pou yon rive jwenn yon solisyon nan akonpaye pèp la nan tout revandikasyon, mouvman demokratik pou fòse Ariel Henry kite pouvwa a epi retabli lòd demokratik, gras a bon jan eleksyon onèt ak transparan kote tout moun ladan l.

Pi lwen, Platfòm Politik RED pwofite ezije jistis pou Prezidan Jovenel Moïse ; jistis ak reparasyon pou tout viktim anba vyolans gang yo, tankou fanm ak tifi yo vyole, moun yo kidnape, deplase fòse yo, fanmi moun ki mouri yo elatrye pandan l di l ap soutni aksyon ak politik piblik k ap konbat inegalite sosyal, pou pèmèt chak Ayisyen viv pi byen, nan yon sosyete pwospè, ki nan dimansyon rèv ak vizyon zansèt nou yo.

Platfòm Politik Rezistans Demokratik souliye tou li pran desizyon pou angaje l nan fè rasanbleman lajman laj pou pèmèt tout Ayisyen konsekan an Ayiti ak nan dyaspora fòme yon fòs chanjman tout bon e rive remete Ayiti granmoun tèt li nan fasilite rekonsilyasyon Nasyon an.

Fas ak sitiyasyon kriz la, Platfòm Politik Rezistans Demokratik angaje l pou jwenn yon solisyon

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce samedi 3 Fevrier 2024

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Washington presse Haïti à s’unir face à la violence des gangs et réitère son soutien au gouvernement haïtien. Dans une déclaration récente du Département...

Actualités

Le Conseil de sécurité de l’ONU se penchera sur la crise sécuritaire et le scandale à la BNC lors d’une réunion cruciale. Le Conseil...

Diplomatie

Si le PM Garry Conille s’est entretenu avec le président Lula sur la crise haïtienne, le CP Lesly Voltaire a été évité par le...

Actualités

Des membres de l’ambassade de Suisse en Haïti sont arrivés à Pedernales escortés par une équipe de sécurité haïtienne. Les membres de la Mission...