Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Barack Obama eksprime l apre viktwa Biden sou Trump

Barack Obama - Joe Biden

Ansyen prezidan ameriken an, Barack Obama, ekri yon mesaj sou paj Facebook li jodi samdi 7 novanm lan, pou felisite pwochen prezidan peyi Etazini an, Joe Biden ak pwochen premye dam lan.

Barack Obama kòmanse pou l retrase eleksyon sa ki te òganize nan yon sikonstans ke moun pa t janm wè kote ameriken yo t al vote an mas. Li kontinye pou l di ke apre chak vòt yo fin konte, Joe Biden ak vis prezidant eli a, yo ranpòte yon viktwa istorik e desizif.

Pi lwen, ansyen lokatè Mezon Blanch lan kontan paske peyi Etazini gen chans jwenn yon moun ki gen tout kalite nesesè pou l prezidan ki pral gen pou l fè fas an janvye ak anpil defi ke okenn prezidan ki fèk eli pa t janm genyen, pandan l pwofite raple tout gwo defi Biden ap gen pou l fè fas an janvye lè l rantre nan Mezon Blanch. Defi sa yo daprè Barack Obama se koze kowonaviris ki fin dechennen, ekonomi ak sistèm jidisyè a ki inegal, yon demokrasi ak yon klima ki an danje.

Barack Obama mande chak sitwayen ameriken bay Joe Biden yon chans epi pote soutyen yo ak li paske selon sa l di, li konnen ansyen vis prezidan sou administrasyon li an pral fè yon travay k ap nan enterè pèp ameriken ki te vote l ak sa ki pa t vote l yo.

Li voye remèsiman bay tout moun ki te travay, òganize ak fè volontarya pandan kanpay Joe Biden lan. Li te pwofite salye chak grenn ameriken ki te soti ale vote pou premye fwa nan vi yo. Li konkli pou l di ke li menm ak madanm li Michelle Obama yo pa ka tann pou soutni pwochen prezidan ak premye dam lan.

En savoir plus:

Kamala Harris, première femme et afro américaine vice-présidente élue des États-Unis

Granmoun renmen li…timoun fou pou li…se yon dirikontan!
Quand le design rencontre la performance. Il y a tant de choses à apprécier dans la toute nouvelle MG RX5, avec ses caractéristiques extérieures élégantes et sportives et son intérieur élégant et confortable.

Plus de contenu

Actualités

ONU: Joe Biden demande au conseil de sécurité d’autoriser une mission de soutien à la sécurité dans le pays et remercie le président du...

Monde

Au sommet du G7, le président Lula da Silva presse la communauté internationale à agir rapidement pour soulager le peuple haïtien. Luis Inácio Lula...

Monde

Joe Biden , 80 ans, annonce sa candidature à sa réélection en 2024. Le président américain, Joe Biden, âgé de 80 ans, dans une...

Actualités

Le président Joe Biden en visite officielle au Canada pour aborder plusieurs sujets notamment la crise haïtienne. Le président américain Joe Biden est arrivé...