Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Bob Cailloux ap pale sou “7-ase”, nouvo mizik sosyal li a

Bob Cailloux ap pale sou "7-ase", nouvo mizik sosyal li a

“7-ase” se yon nouvo mizik atis Bob Cailloux soti vandredi pase a, kote odyo mizik la ki sou paj YouTube li getan atenn 17 mil vyou. Sal redaksyon Juno7 la te fè yon ti pale ak li.

7-ase se yon mizik sosyal ki dire 3 minit 12 segong, kote Bob Cailloux ap dekri reyalite aktyèl peyi a. Atis la anndan mizik sa pale de zam nèg yo ap simaye anndan geto ki vin debouche sou koze ensekirite sa. Bob Cailloux anndan menm mizik sa oze pale de sistèm peze souse a li di yo itilize pou fini ak lajenès la. Li fè konnen li ekri mizik sa parapò ak sa li wè k ap pase yo

“Bon avèk sa k ap pase la yo, mwen jis repwodwi sa m wè yo. Mizik 7 ase se yon bagay m jis rive nan estidyo m di ban m reflete sa m wè k ap pase yo sou yon beat. Epa yon bagay ki te planifye”, eskplike chantè a.

Apre soti mizik sa, anpil lwanj ak kòmantè pozitif ale jwenn entèprèt “M vin panse nou”, kote gen entènot ki sezi pou kalite tèks sa, gen lòt ki bat bravo, genyen tou ki sigjere pou Bob Cailloux ta rete nan liy sa nèt. Lè n poze atis kesyon sou rete nan liy mizik sa, li pa t deklare klè l ap kenbe liy sa pandan l te tou pwofite fè konnen tèks 7-ase a se pa ekri li ekri, se enpwovize

“M p ap ba w manti, m genlè ap tou rete nan liy sa paske li rive sou moun yo tèlman vit, m anvi rete la wi. M pa janm ekri pou tèt mwen se toujou enpwovize”.

Bob Cailloux fè konnen apre mizik “anba tant” li te fin fè a, nouvo mizik sa fè l fyè anpil. Li fè konnen l ap degaje l kou mèt Janjak pou l lage videyo a avan 7 fevriye malgre mwayen ekonomik yo difisil.

“M anvi lage videyo a byen rapid men mwayen m pa pèmèt mwen fanmi. M ap fè kou m konnen pou m lage li avan 7 fevriye”.

Bob Cailloux te tou pwofite pandan antrevi sa bay dat nouvo album li an ap soti ki reprezante pou li nouvo pwojè ki nan wout

“M gen album nan ki fini. M konte lage li pou jiyè wi”, deklare Bob Cailloux.

Ensekirite jeneralize, kriz sosyopolotik, se chak jou peyi a ap fè fas ak fenomèn sa yo. Bob Cailloux fè konnen pa gen moun ki pa pè menm atis yo se kè yo kenbe yo mache

“Pa gen pèsòn ki ka di l ap viv byen nan moman an paske tout moun pè. Nou menm atis se kè nou kenbe pou nou pran lari”, avwe Bob Cailloux.

Nan fen entèvyou a, chantè a envite moun yo kwè nan Bondye epi pran chimen lekòl pou ka soti tèt yo

“M ap di tout moun toujou kwè nan sila ki kreye syèl ak tè a epi ale lekòl se sèl pòt sòti nou”.

Dekouvri plis :

Météo Haïti: les prévisions pour ce Lundi 1er Février 2021

Plus de contenu