Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

“Boyo”, yon fim dokimantè pou leve rido sou fas kache Ayiti

"Boyo", yon fim dokimantè pou leve rido sou fas kache Ayiti

“Boyo, Haïti en 30 jours” se non fim dokimantè Samuel Dameus gen pou soti byento. Samdi 5 desanm lan, sou paj Facebook ak YouTube li, li te lage yon tizè nan pwojè sa, yon fason pou moun kòmanse fè konesans ak pwojè a.

Nan yon ti pale ak sal redaksyon Juno7 la, Samuel Dameus te f on ti pale de fim dokimantè sa epi tou pwofite eksplike sa k sisite l vini ak ide sa.

“Boyo se yon fim dokimantè ki la pou mete an valè Ayiti sou yon aspè anpil fwa ke nou bliye de peyi nou tankou kilti nou, istwa nou, gastronomi nou, pèp la menm, sa ke nou genyen lakay nou kòm mès, kòm tradisyon, ki vrèman defini kiyès nou ye”.

Pandan l ajoute pou l di rezon prensipal li fè pwojè sa se paske isit nou plis renmen reyaji ke nou aji lè yo di yon move bagay de peyi nou kote nou reyaji pou n montre kòlè ak mekontantman nou epi pa aji pou n montre sa yo di de peyi a pa sa pandan l te rale 2,3 egzanp. Se rezon ki fè li vin ak Boyo pou l montre tout sa Ayiti genyen ki kache ladan l.

Boyo pran 30 jou pou te filme daprè sa Samuel Dameus eksplike nou. Inisyatè pwojè a fè konnen li p ap vann yon imaj Ayiti lè nou te poze l kesyon kijan l konprann yon majorite moun imaj yo wè de peyi a se mizè, fatra, ensekirite, kraze brize epi Boyo ap vann yon lòt imaj de peyi a. Konsène a te fè konnen Boyo pa la pou vann yon imaj men pito pou leve rido sou fas kache peyi a.

“Se leve rido sou yon fas kache de peyi nou ke anpil fwa avèk tout mizè, tout ensekirite, tout pwoblèm sosyal ak politik ke nou genyen, yo tèlman akapare zye nou, akapare lespri nou, paske fòk nou jere yo kanmèm, yo pot anpil fistrasyon, nou vin dèfwa bliye ke nou gen aspè sa lakay nou tou”.

Malgre tizè Boyo getan sòti, fim dokimantè sa toujou nan “post production” ki tou vle di po ko gen dat ofisyèl ki kenbe pou l sòti. Toutfwa, Samuel Dameus prevwa fè “grande première” nan kapital la kote l ap envite medya, patenè pwojè a ak yon piblik “select” pou vin gade Boyo. Men, selon sa l di, pi gwo objektif ekip Boyo a se pèmèt pwojè a disponib nan lekòl yo, inivèsite ak sant akademik yo pou pèmèt moun yo (elèv, etidyan, anseyan) konn peyi yo.

Boyo g on fòma “storytelling” melanje ak yon karaktè dokimantè kote moun k ap gade yo ap aprann konn peyi yo, fè eksperyans konn peyi yo atravè pwojè sa k ap an kreyòl men ki sipoze tradui an anglè, fransè ak panyòl, selon eksplikasyon Samuel Dameus.

Moun ki travay sou pwojè sa se Mathieu média ki fè “editing”, After Focus de Jonathan Clément ki fè pwodiksyon epi Samuel Dameus ki jwe wòl pwodiktè egzekitif ak direktè pwojè sa.

Dekouvri plis :

Ayiti : Rezime aktyalite yo soti 30 novanm pou rive 4 desanm 2020

Plus de contenu

Culture

La cinquième édition des Rencontres du Documentaire a été lancée ce dimanche 3 décembre 2023 au local du Kitmédiathèque avec une exposition photographique et...

Cinéma

Haiti-Cinéma: Samuel Daméus lance la première édition de Boyo Films Festival avec un Grand Prix de 10 000 dollars américains (Port-au-Prince, Haiti).- Le fondateur...

Culture

La Channel Juno7 diffusera dimanche soir le film-documentaire Boyo de Samuel Daméus. La Channel Juno7 lancée le 17 octobre dernier sur la chaîne 7...

Divertissement

Ce film-documentaire traite de la migration des haïtiens à travers l’Amérique latine, notamment au Chili. CHILI À TOUT PRIX se veut un plaidoyer en...