Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Dansalou, yon lekòl dans Séphora Drouillard pran ak kè pou fòme plizyè jenerasyon

Dansalou, yon lekòl dans Séphora Drouillard pran ak kè pou fòme plizyè jenerasyon

Séphora Drouillard se non jèn fi 21 lane sa ki se yon dansèz an menm tan li se yon jèn antreprenèz ak etidyan nan dwa. Li te rankontre sal redaksyon Juno7 la pou pale de li ak lekòl dans li an ki se Dansalou ki gen 2 lane egzistans.

Depi timoun, lanmou ak pasyon Séphora ap ogmante pou dans

An bon fransè, sou sit Wikipedia, yo defini dans kòm “une forme d’art vivant. C’est un mode d’expression éphémère constitué de séquences de mouvements de corps dans l’espace souvent accompagnés par de la musique. Les mouvements sont à dessein, intentionnellement rythmiques et façonnés”, yon definisyon ki ale tipikman ak sa Séphora Drouillard ap fè a, li menm k ap danse depi lè li gen 5 an.

Dansèz la eksplike li pase plizyè lekòl dans, danse pou atis nan showbiz la, jistan li arive kreye Dansalou pandan l te gen 19 lane

“M ap danse depi lè m gen 5 an. Mwen pase nan plizyè lekòl dans men mwen kòmanse danse nan showbiz la a 18 lane. Mwen te konn danse kòm backup dancers pou kèk atis tankou Paska, Niska elatriye. A 19 an, mwen deside ouvri pwòp lekòl dans mwen, Dansalou, kounya nou gen 2 lane depi n ap travay nan mond dans lan”.

Séphora fè konnen tou rezon ki pouse l anbrase yon chan konsa se paske l ap fè sa depi timoun epi tank l ap danse se tank tou lanmou l ak pasyon l vin ap grandi pou dans lan. Li te kontinye pou l di dans lan se tanku yon lang li ye pou li, atravè danse a li rive eksprime sa l santi.

Nan chak domèn moun yo toujou gen yon modèl oubyen yon moun ke yo santi yo ta dwe swiv, pou Séphora Louis 2 pi gwo modèl li nan koze dans se Viviane Gauthier ki se ansyèn pwofesè l epi Parris Goebel, pandan l fè konnen tou li gen admirasyon pou yon pakèt gwo dansè lokal ak entènasyonal.

Séphora Drouillard, yon pasyone pou dans ki kontinye ap lite ak lekòl “Dansalou”.

Dansalou, yon lekòl dans Séphora Drouillard pran ak kè pou fòme plizyè jenerasyon

Mete kanpe yon lekòl dans isit oubyen kèlkeswa lòt enstitisyon se pa yon bagay ki fasil sitou nan koze jere gwoup moun kote chak gen pwòp konpòtman yo, karaktè yo elatriye. Séphora Drouillard te oze mete kanpe yon lekòl dans ak sèlman 19 lane epi kontinye ap avanse ak li.

Direktris lekòl la nan sa ke l eksplike yo fè konnen Dansalou pa yon senp lekòl dans, li se tou yon ideyoloji paske objektif prensipal la se chanje imaj dans lan anndan peyi a.

Anndan Dansalou gen 2 pati toujou daprè Séphora. Gen yon pati ki la pou aprann moun danse epi yon lòt pati ki se yon ajans dansè pwofesyonèl ki la pou rekrite jèn timoun ki getan konn danse. Objektif 2è pati lekòl la se pran timoun sa yo, fè talan an itil yo pou mete kòb nan pòch yo, si n ap repete eksplikasyon Séphora Drouillard yo.

Pwosesis pou rekrite moun

Dansalou se yon lekòl ki miks, sa vle di fi kou gason ka vin ladan l depi w santi w ka danse. Aktyèlman lekòl la gen 50 elèv k ap aprann danse epi ajans lan gen 16 dansè. Yon moun ka entegre Dansalou 2 fason selon Séphora.

Si w ta anvi aprann danse se pase nan lokal Dansalou nan Petyonvil, Ri Rebeka #18, nan etaj Fubar. Konsa ou ka ekri yo sou IG @dansalou oubyen rele nan 3671-0962.

Pou kategori moun ki konn danje deja yo, w ap jis kontakte lekòl la, y ap pase w yon odisyon epi si w satisfè responsab yo, w ap ka reprezante Dansalou Ayiti kou aletranje.

Dansalou bay plizyè tip dans selon sa Séphora fè konnen. Tip dans yo se Fòlklò, Afwo, Hip hop, Konpa, Kizumba, kontanporen ak kèk dans latin.

Dansalou te pran gwo kou apre lanmò Sébastien ak Sissi

Anpil moun raple yo asasinay sa ki te fèt sou Sébastien ak Sissi, kote yo ta pral dekouvri kò 2 jèn dansè sa yo nan komin Taba. Yon nouvèl lanmò ki te fè anpil moun tris nan sosyete, se te parèy pou Dansalou kote mesye dam sa yo te ye.

Nan eksplikasyon Séphora ba nou fè konnen lekòl la te oblije fèmen pòt li pou 2 mwa. “Mwen pa t konn kijan pou m jere yon sitiyasyon konsa mwen te gen 20 an sèlman epi mwen pa t janm atann mwen ak yon obstak konsa”, daprè sa l eksplike nou.

Séphora Drouillard di li te fistre epi menm di l ap bay dans vag epi fèmen Dansalou nèt pou sa k te rive a. Pandan 2 mwa sa yo, mwen te jwenn yon pakèt mesaj bò kote paran elèv Dansalou, elèv Dansaloou, atis ak jounalis ki travay ak Dansalou, daprè sa Séphora raple pou nou.

Moral Séphora a 100 % pou kontinye ak Dansalou

Séphora kontinye Dansalou, dènyeman la yo apèn aranje yon espas byen bèl anndan Fubar pou yo danse. Tout sa selon sa l di se imòtaliae Sébastien ak Sissi paske daprè li yo te gen yon rèv yo pa t fin akonpli se rezon toutotan li gen lavi l ap fin akonpli rèv sa pou yo.

Pou 2 lane Dansalou, Séphora kwè ke lekòl sa se nouvo revolisyon dans lan an Ayiti. Pandan 2 lane a, lekòl sa reyalize espektak dans ak omaj pou Viviane Gauthier, seminè fòmasyon sou dwa fanm epi reprezante Ayiti an 2020 nan peyi Swis.

Si a 19 lane yon moun ka etone paske Séphora Drouillard te deside franchi yon lòt etap nan dans pou vin ak lekòl pa l epi kenbe l fò apre 2 lane, konsène a te lèse yon mesaj pou l di: “Kwè nan rèv ou malgre sa moun ka di. Kwè nan tèt ou, mete disiplin nan lavi w, pa pè sakrifis epi lè konsa pa gen objektif ou p ap ka atenn”.

Se rezon objektif Séphora ak Dansalou se montre moun yo dans lan gen plas li tou nan sosyete a. Kontinye pouse Séphora!

Dekouvri plis:

Crise politique: des acteurs de l’opposition appellent à un accord inclusif et au départ de Jovenel Moïse

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu