Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Pi gwo jistis PNH la ka rann Anozart se rezoud pwoblèm “Fantom 509” la, daprè DG Léon Charles

Pi gwo jistis PNH la ka rann Anozart se rezoud pwoblèm "Fantom 509" la, daprè DG Léon Charles

Kòm dabitid, gwoup polisye Fantom 509 yo te foule beton an san zatann kote yo boule sou wout yo anviwon 3 machin epi lakoz yon polisye mouri ki rele Patrick Anozart. touswit apre zak sa yo, Direktè Jeneral lapolis la, Léon Charles te pran lapawòl pou l reyaji.

Nan videyo sa ki dire 2 minit ak 36 segonn ki difize sou televizyon Leta a. Direktè jeneral la te rezève kèk minit ladan l pou pale epi salye memwa polisye Patrick Anozart epi voye senpati bay fanmi l

“N ap salye tou memwa Anozart e n ap di fanmi l nou fyè de vanyan gason sa li te ban nou e ki mete l osèvis peyi a ak anpil konviksyon. N ap di fanmi l li p ap mouri pou granmesi. Pandan n ap onore memwa l, nou konnen pi gwo jistis nou ka rann li ak fanmi l se rezoud definitivman pwoblèm Fantom 509 sa ki se yon kansè pou lapolis ak sitwayen yo”.

DG lapolis la relate kijan sa te ye sou sa k gen pou wè ak mouvman polisye Fantom 509 yo epi anonse ke lapolis la mete men sou Raynald Courtois youn nan lidè mouvman Fantom 509 la epi enfòme tou gen 4 blese mòtèl ak plizyè lòt blese y ap chache

“Devan kalite vyolans sa ke gwoup sa te dekannche nan kapital la. Se konsa nan ripòs la 4 agresè ki se Wilbert Fleurant, Walta Bishot, Marceus Junior, Joseph Adam te touche mòtèlman e plizyè lòt blese ke n ap chache aktivman. Raynald Courtois ki se youn nan lidè mouvman sa nan men nou e se yon polisye aktif. Sèvis ransèyman nou te getan enfòne n de de aktivite gwoup sa e dispozisyon te pran pou bloke polisye sa yo ki chwazi sèvi lòt kòz pou lajan ak enterè pèsonèl yo kont lapolis la y ap peye yo pou pwoteje sitwayèn ak sitwayen nou yo”, deklare nimewo 1 PNH la.

Pi lwen, mesye Léon Charles ensiste ankò yon lòt fwa ke li p ap aksepte sou kòmandan pa l la okenn fòm vyolans epi avèti moun k ap kreye latwoublay yo ke angajman l ranfòse pi plis apre lanmò Patrick Anozart polisye 25e pwomosyon sa ki te afekte nan SWAT ki tonbe pandan l te sou sèvis li

“Sou kòmandman pa m lan, mwen te di mwen p ap aksepte l, e lanmò Patrick Anozart ki fè pati de 25e pwomosyon an ranfòse angajman m nan kanpe kont tout fòm vyolans k ap detwi peyi a chak jou pi plis”.

Nan okazyon ti moso lapawòl sa, chèf lapolis la te pwofite salye kouraj polisye yo daprè li yo toujou rete kanpe fèm lajounen kou lannuit pou evite peyi a tonbe nan katchaboumbe.

Dekouvri plis:

Le taux de référence de la BRH pour ce Samedi 6 Février 2021

Plus de contenu

Actualités

Dans le cadre d’une enquête en cours, l’ULCC invite le Président du Conseil d’administration de la BNC, Raoul Pascal Pierre-Louis à une audition il...

Actualités

Ce lundi 1er juillet 2024, des gangs armés commencent à la démolition du Commissariat de Gressier Les gangs armés continuent de poser des actes...

Insécurité

Les gangs armés reprennent une nouvelle fois le contrôle du commissariat de Gressier Ce dimanche 30 juin 2024, les malfrats ont une fois de...

Actualités

Haïti en quête de stabilité et de reconstruction: le message d’espoir de Dominique Dupuy à l’OEA et son appel à l’aide pour supporter la...