Connect with us

Hi, what are you looking for?

Sports

Foutbòl: José Mourinho ap sou ban yon klèb italyen sezon 2021-2022

Foutbòl: José Mourinho ap sou ban yon klèb italyen sezon 2021-2022

Revoke mwa pase a nan tèt Tottenham pou move rezilta, ansyen antrenè ekip Real Madrid la, José Mourinho, pa ret chome pou twòp tan, l ap gen pou l pran tèt ekip AS Roma a pou sezon k ap vini la.

Se sou kont Twitter klèb italyen an anonse nouvèl la pou fè konnen yon akò twouve ant klèb la ak antrenè pòtigè a Jose Mourinho pou 2 sezon k ap bout 30 jen 2024. Ekip foutbòl la pa bay okenn detay sou montan kontra sa.

Nan menm moman an, Paolo Foncesca k ap antrene AS Roma p ap sou ban ekip sa ankò selon sa klèb la te anonse sou sit la. Paolo jis rete pou jwe rès match fen sezon kote l gen pou misyon pèmèt ekip la fè remontada kont United nan Ewopa Lig, goumen pou kalifye klèb la pou Ewopa kote Sassuolo ap menase yo pou pran plas la.

Mourinho sou bò pa l apre anons nouvèl sa deklare rezon kifè li fè chwa sa

“Apre m fin rankontre pwopriyetè yo, mwen te konprann touswit nivo anbisyon yo pou AS Roma. Pasyon enkwayab sipòtè romen yo konvenk mwen aksepte pòs sa e mwen pa ka tann pou m koumanse sezon k ap vini la”.

José Mourinho gen 56 lane. Nan peyi Pòtigal kote l fèt, li antrena Benfica, Leiria ak Porto. Apre li ale Angletè li antrene Chelsea sezon 2004-2007, li tonbe Itali li pran Inter 2007-2010, epi l rantre Espay li ale nan Real li fè 3 sezon. Li antrene Angletè li antrene 3 ekip ki se Chelsea, United ak Tottenham li fè 2 lane nan yo chak epi kounya l ap pare pou ale demare yon lòt avanti an Itali.

Mourinho pran 2 LDG, 2 lig Ewopa, 2 chanpyona Pòtigal, 3 chanpyona Angletè, 2 chanpyona Itali ak yon chanpyona Espay san konte koup ak sipè koup nasyonal.

Vini Mourinho ka vin mete plis piman nan Calcio a kote gen Conte pou Inter, Allegri ki ka tounen nan Juve, Gattuso nan Naples, san nou pa bliye Pioli ak Milan AC.

Dekouvri plis:

Bill Gates divorce de sa femme Melinda

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu