Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

KADOA mande ak Premye Minis Ariel Henry pou l demisyone yo pa nan dyaloge ak li

CADOA se désolidarise du pouvoir en place et quitte l'accord du 11 septembre

Kolektif Ansyen Depite Opozisyon ak Alye l yo (KADOA) mande ak premye minis Ariel Henry pou l sispann pwovoke popilasyon an se demisyon l pou l remèt yo pa nan dyalòg ak li.

Nan yon nòt pou laprès ki pibliye jodi lendi 19 sektanm 2022 a pa Kolektif Ansyen Depite Opozisyon ak Alye l yo (KADOA) ki gen ladan l Vikerson Garnier, Joseph Manès Louis ak Abel Descolines, mande ak premye minis Ariel Henry pou l sispann pwovoke popilasyon se demisyon l pou l remèt, yo pa nan dyaloge ak li. Nòt sa soti swit ak adrès ak nasyon chèf gouvènman an te fè yè dimanch 18 sektanm lan.

KADOA nan koumansman nòt sa pwofite salye kouraj popilasyon an ki pa sispann mobilize selon sa l du pou reziste anba gouvènman an plas la li kalifye kòm “Malpouwont” li estime ki jwenn apui kominote entènasyonal la.

Pi lwen anndan nòt sa, gwoup ansyen depite opozisyon yo kritike deklarasyon Premye minis lan ki kalifye moun ki ap manifeste yo pou koze gaz la kòm gang. “KADOA sezi wè kouman ensousyan ki rele Ariel Henry a pa wont pou li deklare moun ki leve kanpe nan lari a pou frennen gouvènman asasen sa k ap foure men l byen long nan pòch pèp la nan miltipliye pri pwodui petwolye yo se gang yo tout ye”, selon sa yo ekri nan nòt sa.

Nòt la di Kolektif la voye jete byen lwen deklarasyon Ariel Henry yo li rete kwè k ap mete lwil sou dife. Nan anpil pawòl piman bouk, KADOA fè konnen ak premye minis lan se pa popilasyon an ki fè l pa ka ale nan Nasyon Zini ni nan fineray Rèn Elizabeth. Ansyen depite yo di l pa pase raj li sou pèp la.

Kolektif la di li voye jete byen lwen koze dyalòg Premye minis lan ap pale a epi konkli pou di si chèf gouvènman an yon ti kras moun lakay li se demisyon li pou l bay pou libere pèp ayisyen an.

En savoir plus:

2 présumés bandits abattus par la PNH à Canaan et Croix-des-Bouquets

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

L’ex-ambassadeur Smith Augustin propose à Luis Abinader et à Ariel Henry une solution diplomatique pour résoudre le conflit sur la rivière Massacre. L’ex ambassadeur...

Politique

Assemblée générale des Nations Unies: le parti EDE dézingue le discours du Premier ministre Ariel Henry. Le parti politique les Engagés pour le Développement...

Actualités

Le secrétaire d’État américain, Antony Blinken a rencontré le Premier Ministre Ariel sur la situation d’Haïti. En marge de la 78ème assemblée générale des...

Santé

«Haïti a été en mesure de fournir une réponse forte au VIH/SIDA, ce qui a contribué à stabiliser l’épidémie», selon Ariel Henry. Le premier...