Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Kanaval, sèks, ann pwoteje !

Kanaval yon moman defoulman wololoy, gwòg, dwòg, mizik tout kalte, tout kondisyon reyini pou tchovi pèdi lòlòj. Nan peryòd sa jenn fanm ak jenn gason pral pran plezi, yo pral danse, bwè gwòg yo, fimen bòz men tou yo pral pran plezi lachè, plezi anba tivant, bagay pral fèt. Kanaval san di petèt makònnen ak sèks depi ti konmkonm t ap goumen ak berejèn, kidonk se pa yon bagay ki fenk parèt, jan brejdenn yo ta di li pa resan.

Espas kanaval la se yon espas kote anmoure kase randevou pou al pyafe, men tou sa konn rive moun yo kwaze nan kanaval la epi tout bagay fèt. Men pandan manch pilon ap monte desann  anba stann, nan koridò, nan machin, nan riyèl, nan otèl, eske yo panse pwoteje tèt yo ?

Souvan lè gwòg, dwòg ap anboulatcha lespri, nou konn pèdi kontwòl nou, sa ki konn lakoz nou aji nan tèt cho, san reflechi, konsekans zak sa yo konn rapouswiv nou jouk nou janbe. Gwòs konn tonbe, enfeksyon moun trape nan fè bagay konn tonbe tou epi manman penba viris VIH la pwofite fofile nan sistèm jenn fanm ak jenn gason sa yo ki bliye oubyen kip a konnen pou pwoteje tèt yo.

Advertisement. Scroll to continue reading.

Li fondalnatal pou yon moun pwoteje tèt li lè l ap fè bagay, gen twa (3) fason yon moun ou ka pwoteje tèt li :

  • Pa fè bagay ditou ;
  • Fè bagay ak yon sèl moun pandan moun sa ap fè bagay sèl ak ou (fidelite);
  • Mete kapòt chak fwa w ap fè bagay.

Pandan peryòd kanaval la n ap mande tout moun ki pral pran plezi, ki pral banbile nan kandjanwou janm anlè plòtòp plòtòp, wè nan ki mannyè nou ka aplike youn nan prensip sa yo pou evite trape yon enfeksyon seksyèl sitou VIH la, viris ki lakòz maladi SIDA. Yon ti moman plezi pa dwe lakòz dlo nan je pou rès lavi. Sou pakou kanaval si otorite ta mete kèk estasyon kote jenn fanm ak jenn gason ka jwenn kapòt pou yon banbile li t ap bon anpil, sa t ap pèmèt baryè fèmen devan anpil akwòkò enfeksyon moun ka trape nan fè bagay.

Kanaval se yon moman jwisans kote nou pral pran plezi, men atansyon pa kapon, mache tou pare  pou pita pa gen rele. Pandan n ap danse, n ap fwonte, ann pwoteje.

[views]

Advertisement. Scroll to continue reading.

Plus de contenu

Actualités

 Naufrage du bateau Métropole: selon un bilan provisoire de la Direction Générale de la Protection Civile, 14 survivants et un cas de décès sont...

Immigration

 République dominicaine: des internautes critiquent des agents de l’immigration après qu’un bébé a été accroché aux grilles d’un camion de contrôle alors que sa...

Sports

 Le Paris Saint-Germain salue le départ de Sergio Ramos qui s’apprête à quitter l’équipe après avoir porté le maillot parisien à 57 reprises. Après...

Sports

 L’haïtienne Valérie Charmant gagne deux trophées dans une compétition nationale de bodybuilding organisée en République dominicaine. Valérie Charmant, originaire de Port-au-Prince, vient de briller...