Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Kèk sitwayen te fè yon sitin devan rezidans ofisyèl PM lan nan Miso jodi a

Kèk sitwayen te fè yon sitin devan rezidans ofisyèl PM lan nan Miso jodi a

Kèk dizèn sitwayen te reponn prezan jodi madi 19 janvye 2021 an, devan rezidans ofisyèl premye minis Joseph Jouthe, ki twouve l nan Miso, zòn Boudon. Sitin sa se pou di non ak tout fòm ensekirite k’ap taye banda anndan peyi a.

Sitin sa te lanse touswit aprè anlèvman jèn antreprenè Mike Bellot nèg ak zam te kidnape samdi pase a ki tap ale jwenn liberasyon l yè lendi a.

Ekonomis Etzer Émile ki se yon nan moun ki t ap ankouraje moun patisipe nan sitin sa te pale nan mikwo laprès pou eksplike nan ki objektif li prezan anndan sitin sa

“M kwè ke jodiya, se pou nou di , nou pa dakò jan n’ap viv la, nou bezwen pou nou kapab respire nan peyi a, se sa prezans nou vle di jodia nan sitin sa n’ap fè jodia”, deklare ekonomis Emile.

Pi lwen, Etzer Émile fè konnen rezon ki fè se chwa rezidans ofisyèl premye minis Jouthe la yo chwazi se paske Jouthe Joseph se prezidan konsèy siperyè lapolis nasyonal Dayiti ki donk li se premye responsab sekirite chak ayisyen ak etranje kap viv sou bout tè papa Desalin nan .

“Se paske premye minis lan se prensipal responsab konsèy la ki vle di enstans ki dwe garanti sekirite nan peyi a . Se li ki sou tèt tout minis yo, se li ki sou tèt direktè lapolis la, se avè l pou nou pale”.

Pi lwen, ekonomis la fè konnen popilasyon an annafè ak yon pouvwa ki sinik ki pa tande moun, li pap ale atann ak okenn mirak demen maten toutfwa li fè konnen y’ap kontinye pwoteste kont vyolans kap fèt sou popilasyon an .

“Ou an afè avèk yon pouvwa ki sinik, ki raman tande lè popilasyon an pale avèk li lè yo pa fè vyolans, sa vle di nou pa pral atann mirak demen maten men n’ap kontinye pwoteste toutotan nou kapab pou jiskaske nou rive ala viktwa”.

Yon sitin ki pat reyini anpil moun

Fas ak tout tole koze kidnapin lan ap fè anndan peyi a, anpil moun te atann ak yon foul moun men ki pa te vrèman sa. Pou tante eksplike sa, Etzer Émilie fè konnen se pè moun yo pè pran lari epi tou yo konnen sitin yo toujou gen gaz, pou evite rantre nan afwontman ak lapolis yo rete lakay yo .

“Fò m di w moun yo pè. Moun yo pè soti menm lè yo bezwen, kounya w ap di pou yo soti vin afwonte lapolis, yo konnen jeneralman sitin yo toujou kraze, toujou gen gaz ki bay. Lè pa egzanp ou nan yon sitiyasyon konsa moun yo pè deplase”, eksplike PDG , “Avenir ” an .

Yon sitin ki pat gen anpil moun, lapolis te fè izaj gaz lakrimojèn pou anpeche moun yo rete devan rezidans PM nan, sa pat anpeche sitin lan fèt epi òganizatè yo pa entèmedyè Ralph Emmanuel François te li lèt yo ta dwe bay PM Joseph Jouthe pou raple li sekirite se yon dwa , ki ta vle di tou pèp la bezwen viv nan san kè sote.

Pi lwen nan lekti lèt sa, Ralph Emmanuel relate jan moun pè mache anndan peyi a , menm rive fè popilasyon an pè jis anndan lakay yo.

Ralph Emmanuel François ki trè prezan sou rezo yo deklare popilasyon an refize viv nan kondisyon sa paske yo bezwen viv ak kè poze.

Nan lèt sa, Ralph Emmanuel François mande PM Jouthe Joseph pou li souke kò li, pou li epi montre li itil yon bagay antanke chèf CSPN.

N ap raple w dènye jou sa yo, anpil ka kidnapin repete anndan kapital la pami yo Mike Bellot, Eril Dédé yon chofè bis, Joana Dorcéus.

Dekouvri plis:

Covid-19 – Haïti : 55 nouveaux cas enregistrés

Plus de contenu

Actualités

Le journaliste et ancien Porte-parole de la Présidence Lucien Jura a été libéré ce jeudi après avoir été enlevé au début de cette semaine...

Insécurité

Des individus armés ont kidnappé le Journaliste senior, Lucien Jura chez lui à Vivy Mitchell. Alors que les gangs armés ne cessent de poser...

Actualités

L’archevêché de Port-au-Prince confirme la libération des six religieuses via une note. Dans une note officielle envoyée à Juno7, le père Marc Henry Siméon,...

Insécurité

Un étudiant de l’Institut National d’Administration de Gestion et des Hautes Etudes Internationales (INAGHEI) enlevé ce lundi 27 novembre à Turgeau. Vertilus Jalson, étudiant...