Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Kidnapè yo menase tiye Magdala Louis si fanmi l pa ka peye, daprè sa yon pwòch li fè konnen

Magdala Louis kidnape, yo mande fanmi l 800 mil dola

Dosye Magdala Louis a kontinye ap fè aktyalite. Demwazèl 33 lane sa kidnape yè dimanch swa pandan l t al nan yon gradiyasyon otèl Karibe.

Yon moman kidnapè yo te mande 1 milyon dola, yo ta pral rete a 800 mil dola, pandan mitan jounen an yo negosye a 200 mil dola epi menase touye Magdala Louis si yo pa jwenn montan an, selon sa yon pwòch viktim lan sot fè nou konnen.

Nan ti vizit nou aprèmidia, nou te ka remake fanmi an espesyalman gran sè Magdala a pa ka kenbe dlo nan je l, li te menm arive endispoze maten an epi aprèmidia ankò.

Gran sè a k ap viv tou pre Magdala Louis anndan katye Site Choun fè konnen li pa g on goud, rezon ki fè anpil vwazinaj nan zòn lan leve kanpe ap mobilize pou mande liberasyon Magdala Louis ki gen ti non Dadou.

Depi maten plizyè abitan te bloke mòn Dede, Avni Martin Luther King ak lali. Nan moman n ap ekri atik la te gen barikad sou Lali vè 5 kè30 lan, toujou nan kad mobilizasyon pou mande liberasyon Magdala san kondisyon.

N ap raple w Magdala Louis gen 33 lane, li g on sèl pitit gason. Manman l ak papa l mouri depi 12 janvye 2010 nan tranbleman, depi lè sa se komès sosis boukannen li te konn fè apre f on bak bonbon/sirèt sou Bwavèna pou chèche bay lavi a dwèt.

Plus de contenu

Actualités

Le journaliste et ancien Porte-parole de la Présidence Lucien Jura a été libéré ce jeudi après avoir été enlevé au début de cette semaine...

Insécurité

Des individus armés ont kidnappé le Journaliste senior, Lucien Jura chez lui à Vivy Mitchell. Alors que les gangs armés ne cessent de poser...

Actualités

L’archevêché de Port-au-Prince confirme la libération des six religieuses via une note. Dans une note officielle envoyée à Juno7, le père Marc Henry Siméon,...

Insécurité

Un étudiant de l’Institut National d’Administration de Gestion et des Hautes Etudes Internationales (INAGHEI) enlevé ce lundi 27 novembre à Turgeau. Vertilus Jalson, étudiant...