Connect with us

Hi, what are you looking for?

Confidences

Konfinman nan fènwa

Konfinman nan fènwa

Konfinman nan fènwa, temwanyaj yon viktim kidnapin

Konfinman nan fènwa

Depi mèkredi 11 mas, maten midi swa chak jou sanble pou mwen. Se jodi a Mwen resi fè efò soti nan lakou lakay la avan mwen komanse ekri tèks sa. Mwen ekri paske m pa anvi pale ak pesòn moun mwen konnen, mwen pè pou m ta wè pitye nan zye yo.

Poutan m santi fòk mwen soulaje m, fok mwen pale avan mwen deraye nèt. Dlo pa sispann ponpe nan zye m lè m wè a kisa lavi m redwi. M santi m fèb, kè m pa bat menm jan ankò.

Mwen fek gen 37 lane. Papa pitit mwen mouri nan yonn nan manifestasyon ki t ap fèt kont lanmizè ak grangou nan mwa fevriye ane 2019 la. Depi lè sa lavi m ak twa timoun li te kite sou bra m yo pat fasil ditou. Wilbè se te yon ebenis menm si zafè nou pat bon lè n te melanje sal fè ak sa mwen fè nan komès pen an nou te rive manje e voye timoun yo lekol.

Men aprè lanmò san lonè ni respè ki frape pot kay nou an, lavim ak timoun yo tounen yon lanfè paske komès pen an pat menm rive reponn a premye bezwen nou yo.

Se konsa tanzantan m achte lot ti bagay mete bò pen an e m te oblije kanpe pi gran pitit mwen an Jeff lekòl pou m te ka ba li on ti bwat bwason gazez pou l vann sou katye a. Desizyon sa pat fasil men nou pat gen chwa e pitit mwen an te rive konprann sa.

M vinn sanble Kòb jis m rive fè ti galri lakay la tounen on ti boutik provisyon alimantè kote m te tou mete komès m te bay pitit gason m nan. M antre nan sòl avek espwa ke map ka voye Jeff tounen sou ban lekol poul finn fe 3 denye klas li te rete yo. Menm si sa pat finn bon men avek anpil mannèv m te santi m komanse mete lavim ak lavi timoun yo an sekirite kont grangou.

Yon sèl kou nan mwa fevriye 2020 an, yon van kidnapin vante nan peyi a. Mwen sa pat trò di m anyen paske m konnen se pa moun tankou m yo ta kidnape. Paske figim tou chifonnen epi depi on mounn ta wè m ou tou konprann ke se dlo m ap bat pou m fè bè. Sa te plis enkyetem pou lot moun ke pou mwen.

Yon jou pandan m soti pou m al achte de twa bagay pou m met nan ti boutik la, m santi de moun sezi m, yo met on bagay sou bouch mwen ak sou nen m.

Lèm vin rekonèt mwen m wè se nan on chanm vid mwen ye. M te konprann touswit sak te rive m. M te santi lavi ap refrape m fò ankò, selman fwa sa li te frape m pou m mouri. Paske m pat gen okenn moun pyès kote ki te ka bay kob pou mwen. Manman m ak papa m ap viv lagonav yo fin granmoun se latè yap dechouke pou yo jwenn lamanjay. M wè lavi timoun mwen yo gaspiye, pase nan kaka kochon. Men se pat sa m te swete.

Lè lanjelis ap paret, de mesye antre nan chanm nan youn banm on telefon epi yo dim rele fanmi m. M di yo m pa gen fanmi se mwen ki rele m se mwen ki reponn mwen. Lòt la Banm on kalòt epi yo met on zam bò tèt mwen. M pat ka fe anyen paske se vre ke m pat gen fanmi. M eksplike yo sitiyasyon m. Yo bat mwen, yo fè kadejak sou mwen youn aprè lòt pandan 3 jou. Malgre m te rele manman sòl la ki te bay de men pam yo, tout provizyon ki te gen nan boutik la te likide tout mèb te vann, kob te prete nan vwavinay. M te rive bay 100 000 goud nan 200 000 yo te egzijem nan. Lè yo vin lagem m te san anyen e toutouni nan tout sans. M pa gen kontwòl kò m ankò, lespri menm se tankou li kite kò m net ale byen lwen m. M tromatize e map reviv menm sèn yo maten midi swa.

M pa gen boutik ankò, tout timoun yo kanpe lekol. Jeff ap vann sirèt nan bis k ap fè petyonvil-boudon, chak jou se li ki bay kay la manje. Egzistans mwen ak pitit mwen yo tounen lanfè.

Anplis m vin santi mwen pedi tout valè m, menm si yon zanmi vin wè m mwen pito al kache paske lawont te fèm toujou ap kriye.

M ap gade timoun yo m pa santim ka itil yo anyen. Men m te fini pa ranmase kouraj mwen pou m rekomanse ankò se konsa mwen achte de twa sachè pen epi mwen repran beton an malgré laperez ki te toujou nan mwen.

Depi lè yon anonse kowonaviris la ak koze rete nan kay la, bagay la vin pi difisil pou nou. M pa vle kite Jeff pran lari paske m santi l pè maladi a m pa prè non plis pou m viv on lot dram.

Chak jou mwen leve premye kesyon se kisa timoun mwen yo ap manje jodi a? Lavi a chifonnen nou nan yon nivo ke menm savon ak dlo pou nou lave men nou tanzantan an se liks pou nou.

Jwenn dlo se achte pou achte l e jan bagay la difisil pou nou an, si nou gen on bokit dlo nou oblije ap jerel pa ti kiyè poul fè nou de jou.

Men sak ban m plis pwoblèm nan tèt mwen se lè li fè nwa. kou li fè 5h kòm pa gen kouran tout kay la gentan fè nwa kou lank, mwen menm sa fè m ap reviv nan tèt mwen sam te sibi nan moman yo te pran m nan.

koum fèmen zye m mwen wè kidnape yo, mwen santi yo sou mwen, mwen pran sant kò yo…Mwen priye, mwen kriye an silans poum pa fè timoun yo pè men map mande konbyen tan map ka kenbe konsa? Eske se pa fòl map fòl ?

Al li sa tou 👇🏾

S.O.S d’une Victime en détresse

Plus de contenu

Histoire

« Je ne veux pas quitter Haïti et je compte me battre pour mon avenir, ma famille et mon pays ». Vautré sur une...

Confidences

Yon jèn demwazèl 26 lane avwe nou li te fè pwostitisyon pou l peye inivèsite l. Lyse ki se yon jèn demwazèl ki gen...

Confidences

Nou pataje avèk ou jodi a temwanyaj yon jèn gason ki pa deside kache idantite li. Nap kontinye envite tout moun ki santi bezwen...

Confidences

M pa tap janm panse sa tap di konsa lè yon moun fèmen yon kote menm si se yon bèl kay, menm si ou...