Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Lucmane Delille tonbe kriye pou jan li wè ensekirite a ap pran chè

Lucmane Delille révoqué, remplacé immédiatement par Rockefeller Vincent

Ansyen minis jistis lan, Lucmane Delille ki t ap entèvni jodi vandredi 23 oktòb la, sou antèn Karayib FM, nan jounal Premye Okazyon, pete kriye pou jan l ap obsève jan sitiyasyon peyi a ap detòryore.

Ansyen minis revoke a di se avèk anpil « amertume » l ap viv sitiyasyon sa kote li deplore aksyon mesye kidnapè yo ki tèlman santi yo alèz nan zak y ap komèt yo.

« Mesye kidnapè yo tèlman alèz, yo revandike, yo fè vòys, yo filme moun yo, yo montre ki bò yo ye. Tout peyi a ret bwa kwaze nèt avèk sitiyasyon sa, li vin tounen yon plezantri. Mesye yo ap apovri lafamiy ayisyèn ».

Li te pwofite adrese l ak Jovenel Moïse kote l raple l ke se li popilasyon an te vote kote l kontinye pou l di ke prezidan an repiblik la fas ak desten l, fas ak listwa. Pandan l ajoute « li pa gen dwa tolere peyi Dayiti… Se nan moman sa Lucmane Delille pa t ka kenbe kriye a panda l ap di « Sa fè m mal, se revòltan ».

Apre l te fin kalme emosyon l, li fè konnen li pa konn abitye nan sitiyasyon ap kriye, pandan l di li rekonèt jan anpil moun ap viktim de bagay sa.

Se konsta yo ki ta pral pouse l tonbe kriye dèyè telefòn lan. Pandan l te pwofite anonse ke revokasyon l anndan pouvwa a te sisite pa jalouzi san l pa pwente gwoup oubyen moun ki te jalou de li yo. Li te kontinye pou l di gen moun anndan ekip la ki t ap di yo pa bezwen moun k ap pale anpil se rezilta yo bezwen. Li te pwofite deplore apre 3 mwa ke li kite pa gen okenn rezilta.

N ap raple Lucmane Delille te revoke nan dat 9 jiyè pase a, apre li te fin bay yon konferans de près menm dat sa pou anonse li ta pral pran anpil dispozisyon pou met nèg ak zam nan vrè plas yo.

Dimitry Charles

Dekouvri plis:

A 48 tan, François Jacques Gilorme deside patisipe nan egzamen filo

Plus de contenu

Actualités

 Face à la terreur de la coalition « Viv Ansanm », les habitants réclament des actions concrètes des autorités. Ce dimanche 15 décembre 2024, plusieurs quartiers...

Économie

Une gestion monétaire prudente face aux défis politiques, sécuritaires et économiques en Haïti. La Banque de la République d’Haïti (BRH) a réussi à maintenir...

Actualités

L’ambassade des États-Unis annonce jusqu’à nouvel ordre l’annulation des rendez-vous pour les visas et services aux citoyens américains. Face à la montée des violences...

Actualités

Les habitants fuient Solino et ses environs pour se réfugier à Delmas et Pétion-Ville, exacerbant les défis socio-économiques de ces zones Depuis plusieurs jours,...