Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Nòt FENAMH kont minis Aviol Fleurant

* Kominike*

* Potoprens-22 Mas 2018-*

Komite egzekitif Federasyon Nasyonal Majistra Ayisyen yo (FENAMH) kondane konpòtman iresponsab minis planifikasyon ak Koperasyon Ekstèn nan , Aviol Fleurant, ki pa respekte angajman li te pran 5 Mas ki sot pase a devan palman ayisyen an nan sa ki gen pou wè ak Fon Komino yo.

N’ap raple, chak aktè yo te pwomèt pou fè jefò nan lide pou jwenn yon solisyon enstitisyonèl nan konfli ki te louvri ant minis Aviol ak Majistra yo sou dosye sa a. Pou egzèsis 2016-2017 la, Minis lan te dwe soumèt bay FENAMH tout lis pwojè Meri ak Fim ki te fè demand yo pou verifikasyon.

Se ak anpil etònman FENAMH ap konstate jiskaprezan pa genyen okenn swivi ki fèt malgre yon korespondans FENAMH te adrese nan dat 14 Mas 2018. FENAMH ap anonse , Komite Egzekitif li te òganize jedi 22 Mas la yon rankont ekstrawòdinè nan objektif pou te evalye swivi rezolisyon 23 Fevriye pase a nan kad Asanble Jeneral Majistra yo nan Otèl Karibe kote majistra yo te reklame depa minis Aviol Fleurant.

-Lè nou konsidere anpil pwojè majistra yo te depoze nan MPCE pa enskri nan lis minis Aviol voye nan ministè yo , se pito dosye depite siyen ak lòt antite ki enskri kontrèman ak angajman li te pran.

-Lè nou konsidere ke minis Aviol Fleurant se zafe depite lap regle poul ka konsève pòs li pandan li pap regle anyen nan gouvènman an se fè bri ak pale ak anpil awongans kont eli lokal yo

-Lè nou konsidere , yon mwa apre chita pale yo, pa gen okenn avanse ki fèt, Minis Aviol Fleurant pa respekte angajman li epi pa montre okenn volonte pou jwenn yon solisyon nan dosye sa malgre divès rankont ak 6 komisyon nan chanm depite ak Sena Repiblik la.

– Lè nou konsidere Minis Aviol Fleurant te dwe chita pale plizyè fwa ak FENAMH nan kad swivi yo pou egzesis 2017-2018 la

1. Fenamh pa rekonèt mesye Aviol Fleurant kòm minis planifikasyon ak koperasyon ekstèn ankò epi mande premye minis lan degajel kou mèt Jean Jacques pou desizyon sa a respekte

2) Tout majistra nan peyi a deside mobilize pou fose Aviol Fleurant kite gouvènman an .

3. FENAMH ap mande komisyon medyasyon Sena Repiblik la pou pran dispozisyon pou ekate Minis Aviol Fleurant nan espas pouvwa a.

4) Federasyon an remesye tout senatè ak depite kite kwè li te posib pou n jwenn yon solisyon konsète sou kriz la malrezman jan pwovèb la dil lakay nou : « Yo pa fose bourik bwè dlo ».
Biwo Kominikasyon FENAMH

[views]

Plus de contenu