Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Okap: Yon ponp gaz Nasyonal ki pran dife lakoz anpil dega

Okap: Yon ponp gaz Nasyonal ki pran dife lakoz anpil dega

Okap: Yon ponp gaz Nasyonal ki pran dife lakoz anpil dega materyèl.

Yon ponp gaz Nasyonal pran dife jodi samdi 25 septanm nan. Ponp sa twouve l nan Ri ant 10 A ak 9 A, vil Okap.

Ensidan sa lakoz plizyè dizèn moto, yon machin ak yon moto twa wou ki brile ki te twouve yo anba ponp sa ki te louvri pou bay gaz, selon tout dènye enfòmasyon yo.

Redaksyon jounal la pa arive konfime si gen moun ki viktim men nan videyo k ap sikike sou rezo sosyal yo montre anpli moto ki detwi aprè pasaj dife sa.

Nan moman atik sa t ap ekri okenn detay poko bay sou sa ki ta lakoz dife sa pandan moun t ap eseye achte gaz ki vin ra tankou djaman dènye jou sa yo.

Rate gaz la lakoz anpil chofè moto toujou ale fè gwo pil anba ponp yo san konte moun ak galon jòn ki vin dèyè gaz tou, yon sitiyasyon ki konn kreye anpil bourara anpa ponp menm konn arive gen goumen.

Lendi 20 septanm pase a nan Ti Gwav, yon kay ki te estoke gazolin te pran dife epi lakoz 3 lòt kay boule ak yon moun mouri.

Okap: Yon ponp gaz Nasyonal ki pran dife lakoz anpil dega

Dekouvri plis:

Kidnapin: Atis Money G toujou nan men ravisè yo malgre lajan fanmi an bay

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu