Connect with us

Hi, what are you looking for?

Culture

Pwezi ak lanmou fè yon sèl, ann li ansanm

Photo : sunuker.com

Randevou

Lalin cheri

Depi douvanjou
lespri m pandye sou liy anvi
l ap tann ou,
Ti bèf mwen gentan jouke
nan joukèt plezi
bouji m rete tou limen
douvan kaporal midi
jouk fè fas kare ak jeneral minwi

Lalin cheri, m ap tann ou

Nan syèl karès
nou pral jwe marèl
solèy ak zetwèl
mèt fè jalouzi
kò n pral toupizi

Lalin cheri, m ap tann ou kounye a !

Nan yon eskonbrit
kandjanwou anba lonbrit
nou pral trese riban bonè
youn pou lòt n ap keyi flè dizè
sou nyaj lanmou kòkòy
kote tout branch pawòl paranòy

Lalin cheri, m ap tann ou kounye a nan fant janm kè m.

ZO Mangay Vanyan

[views]

Plus de contenu