Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

RCNS ap pare pou lanse Somè Mondyal sou Lidèchip nan Pòdepè

RCNS

Regwoupman Kretyen pou yon Nouvèl Sosyete (RCNS) ap pare pou lanse yon konferans videyo preyanrejistre k ap pwojte sou gran ekran. Yon konferans mondyal sou lidèchip ki òganize depi peyi Etazini.

Konferans sa fèt chak ane nan peyi Etazini epi releye nan anviwon 50 peyi daprè sa Guilmy Accius, manb RCNS epi kwòdonatè Somè Mondyal Lidèchip nan Pòdepè fè konnen.

Toujou daprè eksplikasyon Guilmy Accius, somè sa gen 25 lane depi l ap fèt nan mond lan. Sa pral fè 13è fwa Ayiti ap retransmèt li kote se premye fwa l ap fèt nan vil Pòdepè. Guilmy Accius fè konnen Somè Mondyal Lidèchip la se sitou yon moman kote lidè yo kapab bay lidèchip yo genyen an volim pou fè yon pi gran enpak sou lemond pandan l ajoute pou l di moun ki entèvni nan aktivite sa se moun ki gen enfliyans nan lemond deja.

Aktivite sa ap difize pandan 2 jou nan komin Pòdepè. Responsab yo chwazi samdi 28 ak dimanch 29 novanm, nan oditoryòm “Son Light” pou fè aktivite sa soti 3 zè pou rive 8 tè nan aswè.

Guilmy Accius fè konnen rezon ki pouse yo pote yon bagay konsa bay popilasyon an se paske yo konsyan kominote a bezwen l

“Nou enplike nou pote yon aktivite konsa nan kominote a paske nou konnen kominote a gen bezwen l. Lidè yo bezwen resous pou kontinye byen fè travay yo. Se yon fason pou RCNS reponn ak misyon l epi kontribye nan devlopman dirab”.

Responsab la fè konnen pou yon moun gen aksè swiv aktivite sa, yo ka pase enskri nan 3 pwen ki rezève pou sa nan vil Pòdepè epi y ap resevwa yon resi ak kat aksè apre yo fin peye 2 000 goud. Apre Somè a, patisipan yo ap jwenn dokiman ak sètifika, daprè Guilmy.

Atant responsab RCNS yo apre aktivite sa se wè lidè yo vin plis enfliyan nan espas kote y ap evolye a epi genyen plis matirite ak koperasyon pou abòde sitiyasyon difisil ak kriz yo kapab fè fas chak jou.

Regwoupman Kretyen pou yon Nouvèl Sosyete (RCNS) se yon òganizasyon sosyal ki fonde 28 desanm 2018, ki baze nan Pòdepè, Ri Chalet. Misyon òganizasyon sa se transfòme chak ayisyen tankou yon ajan devlopman pou kominote l, daprè eksplikasyon responsab la bay.

Dekouvri plis:

Zen an toujou melanje ant André Michel ak Moïse Jean-Charles

Plus de contenu

Actualités

Organisation du 15eme Sommet Mondial du Leadership sur le thème « tout le monde a de l’influence » A l’initiative du Global Leadership Network...

Environnement

Port-de-Paix: le RCNS a organisé une campagne de sensibilisation sur la santé environnementale et l’automédication. En partenariat avec Haïti-Med et le coordonnateur Emmanuelo Cedieu,...