Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Ta sanble Odma mouri!

Ta sanble Odma mouri!

Chèf gang Savyen an, Odma ta sanble mouri selon sa dènye enfo jounalis Valery Numa bay. N ap retrase istwa a pou ou

Operasyon pou deloje gang nan Savyen te demare 13 janvye pase a kote lapolis te arive kraze  espas kote Odma te konn fè seremoni mistik li epi tiye yon koulèv li, yon koulèv ke moun nan zòn Savyen di se pou Odma li te ye.

Nan 14 janvye, plizyè inite nan lapolis la te mennen yon operasyon toujou nan lide pou kraze baz gang Savyen an. Yon operasyon ki ta pral koz anviwon 6 moun mouri kote ladan yo te gen plizyè nèg Odma popilasyon an te rache ki t ap eseye kite Savyen pou ale chaje refij lòt kote.

Touswit apre gwo operasyon sa, rimè te kouri ke Odma mouri. Kèk èd tan apre, nouvèl ta pral konfime se yon bal li pran ki ta fè l febli paske l pèdi anpil san.

Nouvèl yo vin ap sikile 3 dènye jou yo pou di ke apre bal Odma fin pran an, lè misye santi li pa ka ale pran swen l ap soufri, li ta mande pou nèg li yo tiye l epi antere l pou lapolis pa jwenn kò l, avan sa li te di piga yo pran foto l.

Se ta youn nan rezon ki fè moun rezososyo pa janm wè foto ak videyo kò Odma k ap sikile. Rezon tou ki fè anpil moun kwè se rimè paske yo pa gen imaj chèf bandi sa.

Jodia, nan “Vision 2000 à l’écoute”, jounalis Valery Numa fè konnen ke sous li konfime l ke Odma mouri. Vandredi pase, jounalis Jean Ismaël Valestin nan Radyo Mega te fè prèske menm deklarasyon yo tou pou konfime nouvèl lanmò a. Jiskaprezan, otorite polisyè yo pa an mezi demanti oubyen konfime  nouvèl la ki ta lage dout kay anpil moun pou konnen si wi Odma mouri.

Dekouvri plis:

Un prête haïtien s’insurge contre les dénonciations du Nonce apostolique

Plus de contenu

Sécurité

Succès de la PNH contre le gang “Gran grif” de Savien dans l’Artibonite. Port-au-Prince , Haïti .- Sous l’instigation du nouveau directeur départemental de...

Actualités

Dans son dernier rapport intitulé « Un ordre public assassin et/ou défaillant expose la société à la violation massive et systématique des droits humains...