Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Tout sa w dwe konnen sou “salon Dahome” k ap fèt 13 desanm sa

Tout sa w dwe konnen sou "salon Dahome" k ap fèt 13 desanm sa

Salon Dahome se yon inisyativ responsab Dahome Koleksyon an (Dahome Collection), Darline Honoré pran pou òganize yon ekspozisyon ak plizyè lòt aktivite jou k ap dimanch 13 desanm 2020 an, nan lokal restoran Yanvalou ki nan Avni N, Pako.

Tout sa w dwe konnen sou "salon Dahome" k ap fèt 13 desanm sa.

Nan ti pale ak Darline Honoré, li te pwofite pote eksplikasyon sou kote l soti ak pwojè sa epi sa k pouse l vin ak yon aktivite konsa

“Pou m pale de salon Dahome fò m pale de Dahome koleksyon. Dahome koleksyon, se yon koleksyon mouchwa mwen genyen, mwen lanse depi mwa out ki sot pase la. Mwen te fè lansman an liy, mwen pa t ko fè l nan yon espas fizik akoz de koze kowona a”.

Pi lwen anndan eksplikasyon li yo, li fè konnen ide sa te vini pandan peryòd konfinman an. Li te di tèt li poukisa li pa pwofite f on bagay pèsonèl paske li estime li s on moun kreyatif ki toujou ap chache nouvèl ide. Se rezon ki ta pral pouse l vini ak Dahome koleksyon ki diferan de lòt koleksyon ki plis ale nan kesyon fè rad men li menm li ale nan yon lòt branch ki konsakre ak mouchwa epi tou vini ak pwojè salon Dahome pou fè gwo lansman an.

“Mwen te tou swete fè yon bèl lansman pou koleksyon an. Se ap okazyon pou mwen fè lansman an” selon Darline Honoré.

Pandan jounen 13 desanm lan ki se dat Salon Dahome a ap fèt, Darline Honoré fè konnen ap gen plizyè aktivite tankou ekspozisyon mouchwa Dahome koleksyon yo ke moun ap ka achte pou mil goud. Nan okazyon an, l ap pwofite fè vant siyati liv li an ki rele “À la croisée de nos corps” ke l te soti an 2018.

Darline Honoré fè konnen ap gen atelye ki pou montre moun 3 jiska 5 fason yo ka mare tèt ak mouchwa. Ap gen tou yon kozri sou mare tèt ke Marie Murielle Morné ap fè ak patisipan yo anba tèm “Le mare tèt, une histoire de représentation”. Nan menm jounen sa ap gen cho kote moun ap danse epi salon an ap fèmen ak yon rara, selon eksplikasyon li yo.

Kiyès ki Darline Honoré?

Darline Honoré s on jounalis ki gen 27 tan. Li se ekrivèn, li se etidyant finisan nan kominikasyon sosyal anndan fakilte lèt ak syanszimèn inivèsite NòtreDam Dayiti. Li anbrase antreprenarya tou avèk Dahome koleksyon ke l kreye. Li se yon resan loreya katriyèm edisyon konkou tèks ak repòtaj sou dwa moun ke Ofis Pwoteksyon Sitwayen (OPC) te òganize nan jou ki sot pase yo.

Dekouvri plis:

Lapolis kraze mobilizasyon medsen yo ak gaz lakrimojèn sou Lali

Plus de contenu