Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insolite

Yon milyonè chinwa 56 lane retounen pou yon 27èm fwa nan egzamen bakaloreya aprè 26 echèk

Yon milyonè chinwa 56 lane retounen pou yon 27èm fwa nan egzamen bakaloreya aprè 26 echèk

Yon milyonè chinwa 56 lane sot konpoze nan egzamen bakaloreya pou yon 27èm fwa aprè l fin echwe 26 fwa deja.

Liang Shi se yon milyonè chinwa 56 lane ki ale konpoze jodi mèkredi 6 jwen an pou yon 27èm fwa kote li ap eseye pase “gaokao” ki se ekivalan bakaloreya pa bò isit ki ba w dwa pou rantre nan inivèsite. Towo a getan echwe 26 fwa deja nan egzamen sa yo men sa pa janm dekouraje l pou l kontinye patisipe nan egzamen yo nan espwa l ap reyisi yon jou kanmèm.

Si koze edikasyon Liang Shi kapab di li sibi anpil echèk, men nan sa k gen pou wè ak lajan li ka souri paske l reyisi vil ekonomikman. Towo 56 lane sa kòmanse travay bonè nan yon izin jistan li vin kreye pwòp antrepriz pa l ki nan koze materyo konstriksyon. Malgré sa, li toujou genyen yon fistrasyon paske l pa ka gen papye sa nan men l ki pou ba l dwa rantre nan inivèsite.

Daprè plizyè medya, li swete wè l pase egzamen bakaloreya a epi rantre nan inivèsite Sichuan ki twouve an chin epi ki trè respekte tou nan peyi sa.

Selon enfòmasyon, egzamen sa enpòtan anpil pou bachelye yo, se elèv ki fè gwo nòt k ap gen chans rantre nan meyè inivèsite chinwa yo.

Pou ane sa, Liang Shi di l fè anpil efò pou l prepare egzamen an. Li leve bonè epi pase 12 èd tan devan liv ap bat bèt nan espwa li va rive reyisi. “Sa fè mal pou moun panse mwen pa reyisi pou ale nan inivèsite. Mwen vle vrèman ale pou m vin yon entèlektyèl”, se sa l konfye ak AFP.

Li pase egzamen sa pou premye fwa an 1983, li te gen 16 lane. Gen kèk ane li te deside pa ale sitou lè otorite yo te limite aksè a ak liseyen oubyen etidyan ki gen pi piti 25 lane.

Yon milyonè chinwa 56 lane retounen pou yon 27èm fwa nan egzamen bakaloreya aprè 26 echèk

En savoir plus:

Pour préparer la Gold Cup, les grenadiers vont jouer le 16 juin en amical face au prochain club de Messi

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu