Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Yon pwopriyetè “mezon transfè” ap eksplike rezon ki fè anpil biwo fèmen

Yon pwopriyetè "mezon transfè" ap eksplike rezon ki fè anpil biwo fèmen

Depi kèk jou, anpil moun ka remake plizyè mezon transfè fèmen touswit apre desizyon BRH la ki egzije pou tout tranzaksyon fèt an goud sou teritwa a.

Yon desizyon ki rantre an vigè depi premye oktòb pase a, ki kreye anpil bouch long bò kote pwopriyetè mezon transfè yo ki deside fèmen.

Nan yon entèvyou pa telefòn ajans Juno7 te gen avèk yon pwopriyetè mezon transfè ki mande gade non l prive, li fè konnen desizyon BRH la pa bon pou yo pandan l te tou pwofite eksplike tout pwoblèm yon moun konfwonte pou l arive gen yon biwo.

Mèt biwo transfè sa ki gen 10 mwa depi l rantre nan sektè sa, fè konnen pwosesis pou w gen biwo transfè pa yon jwèt pandan l bay detay kijan sa fèt

“Pou w gen dwa gon biwo transfè, mezon transfè ki santral la ke w pral sèvi ak non komèsyal li a egzije w genyen kay oubyen lwe yon kay ak lajan pa w. Fòk ou getan gen sekirite nòmal menm kan ou pa ko ap fonksyone koz lè yo enstale sistèm ou pral bay kliyan yo sèvis la pou yo asire ke moun p ap vòlè òdinatè yo. Fò w gen patant epi yo egzije w gon kòb sou kont ou avan yo ba w dwa pou w mèt yon mezon transfè”, daprè eksplikasyon pwopriyetè a.

Pi lwen nan konvèsasyon sa, mèt mezon transfè sa ki gon biwo Unitransfert bay detay sou ti pousantaj pwopriyetè yo resevwa sou chak transfè moun vin pran, kote l bay egzanp pou l di si depi lòtbò yon dyaspora voye 50 dola ameriken, li peye frè transfè a 2 dola 50, se sou 2 dola 50 lan Unitransfert ki sou tèt li ba l 6% ke l konsidere kòm yon myèt.

Li te tou pwofite konfime pou redaksyon an kèk detay sou pousantaj yo, kote l fè konnen si yon moun voye 100 dola nan Unitransfert, Western Union, Cam pou yon moun Ayiti, yo pran 6 dola 50 nan men dyaspora a pou frè transfè a. Nan frè transfè sa, 1 dola 50 pou leta pou koze lekòl gratis, 5 dola ki rete a, se pou santral mezon transfè a, kote Unitransfert bay pwopriyetè biwo transfè yo 6% nan 5 dola ameriken an, Western Union ak Cam bay 10% nan 5 dola a. Li pa t an mezi bay detay sou Moneygram.

Apre tout detay sa yo, pwopriyetè biwo transfè a fè nou konnen se pa yon sektè ki rantab pou kote yo gen tout chay pou peye espas pou met biwo a, peye kesye, peye sekirite ak kontab nan ti pousantaj y ap jwenn sou frè transfè, pandan l fè konnen pafwa nan yon mwa yon pwopriyetè biwo transfè konn pa ka rantre 50 mil goud nan pousantaj 6 oubyen 10 % y ap jwenn lan.

Pou konble vid sa, li avwe se dola dèfwa yo konn vann ak kanbiz, mèt chòp, gwo komèsan ki pral achte Panama, kote yo vann yo dola a nan yon pri abòdab ki pi ba ke bank yo, yon fason pou yo ka fon grapday mete sou pousantaj y ap jwenn sou chak transfè ki fèt pou ka peye moun k ap travay ak yo epi rete yon ti bagay pou yo.

“Ti kòb la sou ki sa w fè l, se sou ti goud la koz lè w gen dola nan men w, epi w chache yon moun ki pral achte dola nan bank, ou chache moun lan ou ba l dola sa epi w fon ti kòb sou dola a”.

Pou l kore sa l di a, li ba nou yon egzanp: “Pa egzanp, si moun lan ta pral achte dola a 62 goud nan bank lan, ou di l w ap ba li l a 61 goud 50, moun lan wè l ap fon ti bagay sou li, li prefere pran l nan men w”.

Ki vin bay daprè sa l di, si pwopriyetè biwo a pase 2000 dola ameriken pou yon jounen, sa ka ba l chans fè yon 5000 goud oubyen 6000 goud sou ti ke yo. Daprè pawòl li ak nou, pou yon pwopriyetè fè ti benefis sa, fòk li bay bon to epi gen plis kliyan ki ka pran dola a rapid nan men yo sinon yo ka pa fè anyen serye.

Li pa kache pou l di dèfwa ou konn al nan biwo transfè ou tande pa gen dola se an goud. Li fè nou konnen son strateji biwo a oblije anplwaye pou vann dola a nan lari a paske selon sa l di si yo pa fè sa, yo p ap ka kenbe biznis sa pou fè 2,3 goud sou chak dola lè yo pase l nan lari a epi pou kabap peye kesye, sekirite, kontab, pandan l ensiste ti pousantaj yo jwenn sou frè transfè yo pa ka fè anyen pou yo, sitou pou biwo ki pa gen pil moun k al ladan yo.

Avèk desizyon BRH la, pwopriyetè biwo transfè a estime bagay la vin konplike pou yo. Li fè konnen, yo menm ki pi ba nan echèl la, dola a p ap pase nan men yo fasil oubyen pa janm pase pou ta sikile l nan lari a pou fon ti grapday. Desizyon sa daprè li, fè tout mèt biwo transfè annik kontante yo ak ti pousantaj frè transfè ki p ap ka peye staf yo.

Nan sans sa, li fè nou konnen se rezon sa ki pouse yo oblije fèmen. Pandan l plenyen ke sektè a pa rantab vre, desizyon BRH la vin plis anpire l epi l ajoute tout risk yo jwenn ladan l lè vòlè kase biwo yo, vòlè laptop, pase sou kanbiz epi ale ak manman lajan kanbiz t ap sikile pou yo a, tout pèt sa yo se yo k ap kouvri l pou kont yo.

Fas ak tout detay li ba nou yo, li fè konnen se pa sou politik yo kanpe men se enterè pa yo ki menase pandan l fè konnen moun k ap pale nan non yo pa eksplike popilasyon an byen kijan yon mezon transfè fonksyone ki fè anpil moun pran pwopriyetè mezon transfè pou moun ki rich, ki fè kliyan pran biwo transfè pou bèt nwa paske yo pa konn tout detay koz manke kominikasyon sou sektè sa.

Li te tou pwofite mande BRH retounen sou desizyon an paske li pa bon pou yo. Fas ak tout detay li bay yo, li fè konnen li voye yon dizèn anplwaye nan chomaj akoz desizyon sa. Epi l ajoute pou l di si pwopriyetè yo ouvri y ap kreve epi fè fayit.

Dimitry Charles

Dekouvri plis:

Covid-19: les vaccins russes commencent à arriver au Venezuela

Plus de contenu

Économie

La BRH durcit le ton face aux banques et maisons transferts pour non-respect du taux de référence pour le paiement des transferts en gourdes....

Économie

L’administration Moïse/ Jouthe rend un nouveau décret pour régulariser les maisons de transfert. Le président de la République a pris, mardi 16 juin, un...

Économie

Avec le nouveau décret sur la régularisation des maisons de transfert, les transferts doivent être payés dans la monnaie et le taux fixés par...