Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

18 liv pou yon elèv 1e AF, Nesmy Manigat kalifye sa de vyolans

18 liv pou yon elèv 1e AF, Nesmy Manigat kalifye sa de vyolans

Nan yon twit li fè dimanch 1e novanm 2020 an, ansyen minis edikasyon nasyonal sou pouvwa Martelly an, Nesmy Manigat, deplore konpòtman yon lekòl ki bay timoun 1e ane fondamantal pote 18 liv.

Anndan pòs sa, Nesmy Manigat akonpaye l ak foto lis lekòl la, li te pran tout mezi posib pou l pa montre non lekòl sa.

Pou Nesmy Manigat, konpòtman sa se yon gwo zak vyolans ak gaspiyaj lajan. Ansyen minis lan souliye tou ke tout liv sa yo ke lekòl la pwopoze a yo an fransè, epi ladan menm lis liv sa gen 2 bib.

Li ale pi lwen pou l di se nòmal ke se 5% timoun sèlman ki rive fini segondè. Pandan l ankouraje pou 12 mezi yo kontinye ak akò Akademi Kreyòl, evaliyasyon Kreyòl leta depi 4e AF a bakaloreya.

N ap atire atansyon w pou di ke anpil lekòl nan kapital la toujou bay paran achte pil liv pou timoun. Dèfwa paran yo konn plenyen pou valiz la k ap kase epòl timoun yo, dèfwa lekòl la pa menm travay nan tout liv yo sou ane a, oubyen yo anplwaye strateji bay pil liv pou pèmèt liv yo fè anndan lekòl la vann.

Dekouvri plis: 

Tout sa w dwe konnen sou “menopoz”, yon tranzisyon natirèl kay fanm

Plus de contenu

Actualités

Nesmy Manigat présente la campagne mondiale du GPE au Parlement espagnol L’Envoyé de haut niveau et Conseiller du Partenariat Mondial pour l’Éducation (Global partnership...

Actualités

UNGA80 : Nesmy Manigat, l’éducation comme arme de paix et de progrès L’ancien ministre haïtien de l’Éducation, Nesmy Manigat, a participé cette semaine à...

Éducation

Nesmy Manigat clarifie quatre grandes questions éducatives dans son numéro intitulé »Lekti Dominikal » À travers sa rubrique traditionnelle #LektiDominikal sur ses pages de réseaux sociaux...

Actualités

Nesmy Manigat nommé Envoyé de haut niveau du Partenariat mondial pour l’éducation Le Partenariat mondial pour l’éducation (GPE), un des principaux bailleurs de fonds...