Connect with us

Hi, what are you looking for?

Insécurité

2 prezime bandi mouri aprè yo fin friz yon polisye Swat  an sivil  epi pare pou ale ak moto li

Crime , assassinat , tué

2 prezime bandi bwè dlo bouch yo nan ri Kapwa, aprè yo te fin friz yon polisye SWAT ki te an sivil epi ap pare pou ale ak moto polisye a ki gen yon koulè ble mak Jingken.

Aksyon sa pase nan Ri Kapwa bò restoran FEF kote 2 endividi (youn ame) friz ajan SWAT sa ki te avèk yon lòt moun epi vire pou ale ak moto polisye a pandan sa k te san zam la te egzije sa k ame a tire SWAT la ak lòt moun ki te akonpaye l la, selon deklarasyon ajan SWAT la.

Pandan prezime bandi sa yo t ap pare pou ale ak moto a, se moman sa yon patwouy polis ki te gen ajan BRI ladan l t ap pase fè katouch pou 2 nèg sa yo epi arive bwè dlo bouch yo.

Apre aksyon sa, jij de pè James Saint-Jean ki soti nan tribinal de pè seksyon Sid fè konsta legal yo. Apre konsta a, idantite 2 endividi ame sa yo revele, youn rele Ricardo Desravines, yo jwenn sou li kat idantifikasyon nasyonal, lisans ak yon badge ki make ajan sekirite « air protégé », antèt badge sa make Ministè anviwònman/BSAP.  Lòt endividi a se Ernst Richardson, yo jwenn sou li lisans.

Nan menm konsta sa, yo jwenn yon zam 380 ki te gen 6 katouch . Konsta revele te gen 2 telefòn. Youn nan nèg yo te gen yon mouchwa ble, lòt la mouchwa wouj. Yo jwenn tou 3 265 goud sou youn.

Dekouvri plis:

Kidnapping : les évêques demandent la fermeture de toutes les écoles catholiques 

 

Apre konsta, jij de pè a òdone pou leve kò prezime bandi sa yo.

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Nécrologie

Le poète, romancier et conteur haïtiano-canadien, figure majeure de la littérature haïtienne, est décédé dans la nuit du 10 au 11 mars 2025 à...

Nécrologie

L’ancien Premier ministre Rosny Smarth est décédé à l’âge de 84 ans. Ce mercredi 15 janvier 2025, l’ancien Premier ministre Rosny Smarth est décédé...

Actualités

Des gangs armés ont tué, le 6 décembre, un agent de l’UDMO et un ancien soldat des Forces Armées d’Haïti (FAd’H) à Nazon. La...

Nécrologie

Marie Saintilia Delva, mère de l’artiste Garcia Delva, s’éteint à 85 ans, laissant un héritage d’amour pour la musique et le sport. Wadner Joseph,...