Connect with us

Hi, what are you looking for?

Histoire

22/02/2022: detay sou dat sa ki espesyal nan kalandriye a

22/02/2022: detay sou dat sa ki espesyal nan kalandriye a

22/02/2022: detay sou dat sa ki espesyal nan kalandriye a epi ki pa repete souvan.

Jodia se 22 fevriye 2022 nou ta ka ekri l 22/02/2022. Se pa yon dat istorik pou nou oubyen ki make yon gwo evènman mondyal men li atire atansyon moun se paske anpil moun remake yo ka li dat sa agòch ni adwat li ap bay menm dat la, yon bagay ki espesyal pou anpil moun. Eben dat sa se yon “Palindrome”.

Kisa ki “Palindrome” lan?

Palindrome se yon mo fransè. Palindrome se de seri de mo yon moun kapab li kit agòch oubyen adwat li ap toujou kenbe menm pwononsiyasyon an. Nou te ka pran kòm egzanp mo “Kayak” oubyen yon fraz fransè “Engage le jeu que je le gagne”. Kit ou vire yo nan nenpòt sans la yo pwononse menm jan, si nou manti mande fraz: “la mariée ira mal”. Li valab tou pou 22 fevriye 2022 ki ekri 22/02/2022.

Pou kesyon dat sa pa fèt souvan li trè ra. Dènye fwa yon dat te Palindrome se 02/02/2020, se menm jenerasyon sa ki te gen chans viv li men byen avan l fòk yon moun te monte 909 ane an aryè pou te viv yon dat Palindrome, nou potko menm fèt. 

Apre dat jodia, lemonn dwe tann 12/12/2121 pou gen yon dat Palindrome ankò, yon peryòd anpil moun ki la pa menm gen chans viv.

22/02/2022: detay sou dat sa ki espesyal nan kalandriye a

Dekouvri plis:

L’État haïtien ne financera plus les ouvrages écrits en Français pour l’école primaire

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Le dimanche 2 février 2020 est un jour un peu particulier. La date du 02/02/2020 est un palindrome, puisque le lecteur peut la lire...