Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

3 bandi gang “Ti Makak” mouri, yon fizi ak 4 veyikil sezi aprè lapolis fin dejwe yon tantativ kidnapin nan Tomasen

3 bandi gang "Ti Makak" mouri, yon fizi ak 4 veyikil sezi aprè lapolis fin dejwe yon tantativ kidnapin nan Tomasen

3 bandi gang Ti Makak mouri, 3 polisye blese, yon fizi otomatik ak 4 veyikil sezi aprè lapolis fin dejwe yon tantativ kidnapin nan Tomasen, komin Petyonvil.

Lapolis nasyonal Dayiti nan yon nòt li mete deyò enfòme li dejwe yon tantativ kidnapin ki t ap pare pou fèt jodi 3 janvye a nan Tomasen 32, komin Petyonvil. Pandan operasyon sa, fòs lòd yo rekipere yon fizi, 3 machin ak yon motosiklèt. 3 bandi gang ti makak bwè dlo bouch yo nan echanj kout zam ak lapolis, gen twa ajan ki soti blese nan mitan Polis la.

Bilan: gen 3 bandi ki fè pati gang Ti Makak ki mòtèlman blese nan echanj kout zam avèk lapolis, 3 polisye blese, lapolis rekipere yon fizi otomatik, 4 veyikil ladan yo yon motosiklèt“, se sa nòt PNH la rapòte.

Nòt la garanti Polis la detèmine pou ranfòse patwouy ak woutin k ap fèt nan lari a pou anpeche bandi kontinye teworize popilasyon an pandan l souliye fòs lòd yo ap kanpe an kwa pou kontrekare zak bandi yo nan Kwadèboukè, Dèlma, Petyonvil elatriye.

Enstitisyon Polis la di l konte sou kolaborasyon popilasyon an pou kontinye gwo konba sa pou ane 2023 a jan sa te ye ane pase.

3 bandi gang "Ti Makak" mouri, yon fizi ak 4 veyikil sezi aprè lapolis fin dejwe yon tantativ kidnapin nan Tomasen

En savoir plus:

« Le pays est en dépression économique », analyse Jean Baden Dubois

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu