Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Plis pase 35 mil kandida pral patisipe nan egzamen bakaloreya pèmanan k ap fèt 18 pou rive 22 desanm

Plis pase 35 mil kandida pral patisipe nan egzamen bakaloreya pèmanan k ap fèt 18 pou rive 22 desanm

Plis pase 35 mil kandida pral patisipe nan premye sesyon bakaloreya pèmanan pou ane akademik 2023-2024 la.

Premye sesyon bakaloreya pèmanan pou ane akademik 2023-2024 la ap fèt soti lendi 18 pou bout vandredi 22 desanm k ap vini la. 35 979, se kantite kandida nan dis Direksyon depatmantal edikasyon peyi a. Se sa otorite MENFP fè konnen jodi jedi la nan kad yon konferans pandan yo te pwofite pale sou relokalizasyon pwovizwa kèk lekòl piblik nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan.

Nan kad konferans sa, Direktè jeneral ministè Edikasyon nasyonal ak Fòmasyon pwofesyonèl la (MENFP), Meniol Jeune, te plis pale sou konsiy ministè a toujou bay ; konsiy kandida, siveyan, sipèvizè ak tout lòt moun ki enplike, yon fason ou yon lòt, nan pasasyon eprèv sa yo dwe respekte ; pami yo ge entèdiksyon pou moun antre ak zam nan sant yo, entèdiksyon pou itilize telefòn, epi fè konnen gen sanksyon ki prevwa pou tout kandida ak pèsonèl sant yo ki ta fè fwod.

Yon lòt bò, responsab Biwo nasyonal egzamen Leta yo (BUNEXE), Renan Michel, fè yon rapèl pou di 37 979 kandida yo ap gen pou yo konpoze nan matyè yo pa t fè mwayèn yo pandan egzamen pase yo. Pi lwen nan entèvansyon li an, li mande responsab 178 sant yo, nan tout peyi a, pou yo afiche orè yo nan sant yo yon fason pou tout elèv kapab byen enfòme nan ki matyè y ap konpoze chak jou.

Nan sa k gen pou wè ak relokalizasyon pwovizwa kèk lekòl piblik nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, responsab yo fè konnen plis pase yon dizèn lekòl piblik nan Pòtoprens ki pa t rive fonksyone kòm sa dwa depi ouvèti ane lekòl 2023-2024 la akoz vyolans gang nan kèk zòn oubyen moun ki fè yo tounen abri arive relokalize.

Lis lekòl ki relokalize yo se lekòl nasyonal Don Durelan Du Merlin ; lise Anténor Firmin ; lise San-Senkantnè ; lekòl nasyonal Coraline Chauveau ; lekòl nasyonal Repiblik Brezil ; lekòl nasyonal Celie Lilavois ; lekòl nasyonal Darguesseau Lespinasse ; lekòl nasyonal Virginie Sampeur ; lekòl nasyonal Repiblik Paragwe ; lekòl nasyonal Colbert Lochard ; lekòl nasyonal Repiblik Chili ; lise Jean-Jacques Dessalines.

Lise Marie-Jeanne sou bò pa l, timoun yo kapab rantre nan nouvo lokal la janvye 2024. Pandan tan sa, plizyè klas ap fonksyone nan oditoryòm ansyen lokal lise sa a.

Nan sa k gen pou wè ak anrejistreman nimerik la, pou jodi jedi 14 desanm 2023 a, genyen 17 mil 128 lekòl (17 128 lekòl) ki deja anrejistre ; yon milyon 68 mil 385 elèv (1 068 385 elèv) ak 31 mil 633 anseyan (31 633 anseyan)

Otorite yo raple dènye a se 15 janvye 2024 pou yo boukle pwosesis anrejistreman sa a. Nan ka kontrè yo p ap ka enskri elèv yo nan egzamen.

Plis pase 35 mil kandida pral patisipe nan egzamen bakaloreya pèmanan k ap fèt 18 pou rive 22 desanm

A lire aussi :

Attaque contre une ambulance: MSF annonce la suspension de ses activités au centre d’urgence de Turgeau

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Éducation

Le MENFP annonce la disponibilité des relevés de notes finales et souligne l’importance de la numérisation des données scolaires Le Ministère de l’Éducation Nationale...

Éducation

L’éducation devient depuis plus d’un mois une victime silencieuse de cette escalade de violence dans la région métropolitaine de Port-au-Prince La violence des gangs...

Aktyalite AN KREYÒL

MENFP anonse Sant pèmanan evalyasyon an ap jere planifikasyon egzamen Leta yo pou tout zòn difisil anndan peyi a Nan yon kominike, Ministè Edikasyon...

Éducation

Le MENFP et de la Formation Professionnelle a modifié les dates des examens d’Etat, les épreuves du baccalauréat fixées du 5 au 8 août...