Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

6 bousye ayisyen ap kite peyi a pou ale Roumani

6 bousye ayisyen ap kite peyi a pou ale Roumani

6 bousye ayisyen ap kite peyi a pou ale etidye nan peyi Roumani

Konsil onorè peyi Roumani nan peyi Dayiti, Huswald Timothee, nan yon konferans pou laprès li bay yè madi 15 décembre lan, anndan lokal konsila peyi Roumani, prezante 6 jèn etidyan ayisyen ki benifisye bous peyi Roumani, k ap kite peyi a jodi mèkredi 16 desanm lan pou ale Roumani.

Nan moman konferans pou laprès sa, mesye Timothee te pwofite salye kouraj ak kapasite travay 6 bousye sa yo pandan l deklare ke peyi Roumani bay edikasyon anpil priyorite.

Pi lwen, konsil onorè peyi Roumani an fè konnen ke gouvènman roumen an pare pou bay plis bous ak Ayiti nan lòt pwogram. Toutfwa, l ap ret tann dezisyon gouvènman an plas ki an Ayiti a sou pwopozisyon gouvènman roumen ke l soumèt ak yo deja.

6 bousye sa yo se Dumesle Lousenie ki pral etidye “Art et Design”, Jeanty Jacobin Michel pou “Management”, Pierre Miselene fè chwa Syans administrativ, Napoléon Ducarmel James Colson nan administrasyon piblik, Daniel Emerson Tervilus ki chwazi syans administrativ epi Budry Smark Randy Jean pou “Engineering Sciences”. Y ap gen pou pase 4 a 5 kan nan peyi Roumani kote premye ane etid la konsakre a aprann lang roumen an byen avan yo demare etid yo.

Bous sa se yon pwogram peyi Roumani atravè Ministè afè etranje ak edikasyon roumen mete sou pye kote chak ane yo bay posibilite ak 85 etidyan entènasyonal pou etidye sou sòl yo a. 85 bous sa yo gen ladan yo se lisans, metriz ak doktora. Moun ki arive kalifye pou bous sa yo p ap peye yon goud kote gouvènman roumen an pran bousye a an chaj nan ba l lojman, bay yon frè chak mwa epi yon laptop.

Pwosesis pou 85 nouvo bous detid sou wout lanse pa gouvènman roumen an. Pou plis detay, entèrese yo ka vizite sit afè etranjè roumen an epi voye dosye yo ale nan anbasad Roumani ki kiba.

https://www.mae.ro/en/node/10251

Dekouvri plis :

Kolektif Viktim Masak yo” bay pozisyon l sou sanksyon kominote entènasyonal la pran kont prezime otè yo nan masak Lasalin

Plus de contenu

Éducation

Le Consulat Général Honoraire de Roumanie en Haïti a annoncé que la Roumanie a lancé le processus d’inscription pour le programme de bourses pour...

Éducation

Cinq étudiants haïtiens du Collège Universitaire de la Roumanie (CUROM) en route vers la Roumanie pour une formation en Ecotourisme et Protection de l’Environnement....

Éducation

Une bourse d’étude dédiée exclusivement aux femmes haïtiennes: la “Bourse Intel pour les femmes haïtiennes”. “University of the People“, une université américaine entièrement online,...

Taiwan

L’ambassade de Taiwan en Haïti lance deux programmes de bourses d’études à l’intention des jeunes Haïtiens. L’Ambassade de la République de Chine (Taïwan) en...