Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

8 mas: DIRPOD angajel pou batay bò kote fanm yo ak pèp Ayisyen an

8 mas: DIRPOD angajel pou batay bò kote fanm yo ak pèp Ayisyen an
Photo: Ody Bien-Eugène | Juno7

Nan okazyon komemorasyon 8 mas la, DIRPOD angajel pou batay bò kote fanm yo ak pèp Ayisyen an pou fè respekte dwa yo ak valè demokratik yo.

Nan okazyon jounen 8 mas 2021, anpil sektè ak antite nan peyi a leve vwa yo byen wo pou salye gwo batay fanm yo mennen pou fè respekte dwa yo nan sosyete a. Nan dat sa a, yo toujou pwofite pote solidarite yo bay medam yo ki toujou ap ap lite pou enpoze lidèchip yo kòm moun ki egal ego ak gason. Pami sektè ak antite sa yo, nou jwenn Direksyon Politik Opozisyon Demokratik la tout moun konnen sou non DIRPOD.

Nan yon nòt pou laprès li pibliye nan dat 8 mas la ki se Jounen Entènasyonal Dwa Fanm yo, Direksyon Politik Opozisyon Demokratik (DIRPOD) la retire chapol devan tout fanm vayan nan peyi d’Ayiti ki ap reziste anba tout sot tribilasyon espesyalman
pou tout fanm ki ap bouske la vi pou bay pitit yo ledikasyon, pou bay manje nan kay, pou okipe fanmi yo malgre tout difilte ki mawonnen lavi sosyal ak ekonomik nan peyi isit, kote diskriminasyon ak vyolans pa janm vle kite fanm leve tèt.

Daprè DIRPOD la, pa gen diferans ant fanm ak gason. Sosyete ap konnen yon pi bon demen lè tout moun mete yo dakò sou reyalite sa a. “Zafè pou nan fanmi yo wòl fanm limite a yon senp zafè okipe kay la nou di NON! Tout fanm menm jan ak tout gason gen plas yo nan demach konstriksyon peyi a, nan jesyon Kominote yo.Men pou sa rive fèt fòk aksè ak ledikasyon, travay, lwazi egal pou ni fi ni gason”,daprè ki ekri nan nòt la.

Pandan l raple tout fòm diskriminasyon ak vyolans medam yo ap sibi nan sosyete a ki anpeche yo mete tèt yo an valè malgre konpetans yo, san konte viktim yo pa sispann viktim anba machin ensekirite ki lage ak tout vitès la peyi a, Direksyon Politik Opozisyon Demokratik la pran angajman poul kontinye batay bò kote fanm yo ak pèp Ayisyen an pou fè respekte dwa yo ak valè demokratik yo.

“Fòk atik 134-2 Konstitisyon an respekte! Fòk kidnapin ak ensekirite kaba! Fok dwa pou fanm fè politik, okipe fonksyon pou dirije nan tout nivo nan peyi a garanti !”,toujou selon nòt pou laprès sa a ki pote siyati Marjory Michel, Paul Denis ak Youri Latourtue.

Dekouvri plis:

Bisantnè: Yon chofè moto mouri, yon anplwaye blese apre atak nèg ak zam sou lokal EDH a

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Culture

Mireille Fombrun, l’artiste haïtienne qui montre une autre facette d’Haïti à travers ses sculptures L’art de Mireille Fombrun, une artiste haïtienne, a été exposé...

Société

A l’occasion de la journée internationale de la femme, la PDG de la société du Rhum Barbancourt, Delphine Gardère revient sur les acquis en...

Actualités

Célébration du 8 mars: la police nationale a honoré plus d’une cinquantaine de femmes policières et membres du personnel administratif de l’institution. L’Académie Nationale...

Société

8 mars: le PM Ariel Henry salue le leadership des femmes haïtiennes Le gouvernement haïtien a commémoré la journée internationale des droits des femmes...