Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Siyatè Akò Montana yo pa rekonèt pozisyon Jacques Ted Saint-Dic ki fè kwè yo kite tab negosyasyon yo

Biwo Akò Montana / Komisyon pou Chèche yon Solisyon Ayisyèn nan kriz la rankontre Daniel Foote ak plizyè lòt sektè
Photo: Ody Bien-Eugene | Juno7

Siyatè akò 30 dawout la tout moun konnen sou non akò Montana a di yo pa rekonèt pozisyon Jacques Ted Saint-Dic ki fè kwè yo kite tab negosyasyon yo.

Nan yon nòt ki pote siyati Josué Mérilien, Francenet Denius, Dunois Eric Cantave, Patrick Joseph ak on dizèn lòt fè konnen siyatè akò Montana yo di yo pa rekonèt pozisyon Jacques Ted Saint-Dic ki fè kwè yo kite tab negosyasyon yo. Nan nòt sila a ansyen senatè Francenet Denius konfime otantisite l bay Juno7, presize akò 30 dawout la se yon Mozayik ki reyini anpil sèktè andedan sosyete a e yo te deside nan yon gran kominyon patriyotik pote kole pou pote kontribisyon pou yon tranzisyon koupe fache ki kapab trase wout eleksyon demokratik, pwogrè ak chimen pou mete kanpe yon lòt ekonomi pou tout pitit peyi a.

“Nan gwo kalfou politik difisil Ayiti ap travèse depi plis pase 10 lane, siyatè Akò 30 dawout yo kwè nan yon estrateji ki chita sou 3 pilye ki ka pèmèt nou rive nan yon tranzisyon koupe fache tout bon vre : se Negosyasyon, Mobilizasyon,ak Diplomasi.” se sa nou ka li nan nòt sila a ki kontinye pou fè konnen se pou rezon sa yo, siyatè akò Montana yo te chwazi mekanis demokratik ki se eleksyon entèn pou pwopoze pèsonalite ki pou mennen bak gouvènans tranzisyon an, sou lobedyans bon jan negosyasyon ak tout sèktè sosyal ak politik.

Toujou nan nòt la, siyatè Akò 30 dawout la peze fò pou fè konnen desizyon Ted Saint-Dic la ki se yon senp delege pa konsène Akò 30 dawout la. Siyatè yo souliye tou, Akò a se eli KNT te deziye yo, se KNT, se BSA, se KRN, se Fowòm Pati Politik yo, se Platfòm òganizasyon sosyete sivil yo ki reprezante l. Pou rezon sa a diferan enstans Akò a an konsètasyon pou kapab korije deriv otoritè yo, pou Akò Montana a kapab reprann plas li nan tout tab dyalòg ki vize pote yon bout ak kriz k ap dominen nasyon an.

Dekouvri plis:

Le PM Ariel Henry visite l’Administration Générale des Douanes et félicite les employés

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu