Connect with us

Hi, what are you looking for?

Météo

Akoz pasaj yon ond twopikal, plizyè depatman anndan peyi a ap resevwa lapli nan finisman jounen an

Akoz pasaj yon ond twopikal, plizyè depatman anndan peyi a ap resevwa lapli nan finisman jounen an
Getting your Trinity Audio player ready...

Direksyon Pwoteksyon Sivil anonse aktivite lapli sou plizyè depatman peyi a akoz pasaj yon ond twopikal sou zile Karayib yo.

Depatman Nò, Lwès, Sant, Sid, Sidès, Nip, Latibonit ak Grandans ta dwe resevwa lapli nan finisman jounen lendi 4 septanm lan akoz pasaj yon ond twopikal sou zile karayib yo, se sa Direksyon Pwoteksyon Sivil anonse nan yon mesaj sou kont X li.

” Aktivite lapli, gwo van ak loray yo posib sou plizyè depatman jodi a, akoz pasaj yon ond twopikal sou Ayiti ak zile karayib yo”, se sa Direksyon Pwoteksyon Sivil fè konnen sou kont Twitter li ki rele X kounya.

Selon previzyon yo, lapli sa ki ta sipoze tonbe a ka touche plizyè depatman tankou Nò, Lwès, Sant, Sid, Sidès, Nip, Latibonit ak Grandans.

Otorite yo nan sans sa mande popilasyon an rete vijilan parapò ak risk inondasyon gwo lapli yo kapab pwovoke.

Akoz pasaj yon ond twopikal, plizyè depatman anndan peyi a ap resevwa lapli nan finisman jounen an

À lire aussi:

La tournée estivale de l’artiste Pierre Jean qualifiée de réussite

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu