Connect with us

Hi, what are you looking for?

An kreyòl

André Michel demanti rimè ki t ap sikile sou li yo epi fè konnen li pral kòmanse pale gwo dosye ak pèp la fen mwa sa

7 fevriye: Mèt André Michel deklare pa gen deba ankò, kawòt yo kuit
Foto: Ody Bien-Eugène | Juno7
Getting your Trinity Audio player ready...

André Michel demanti rimè ki ta fè kwè manifestan ta pral anvayi lakay li epi fè konnen li pral kòmanse pale ak pèp la sou kèk gwo dosye fen mwa k ap vini la.

Mèt André Michel nan yon mesaj li pibliye sou paj Facebook li mèkredi 7 septanm 2022 a, demanti pawòl ki t ap sikile sou rezo sosyal yo ki ta lèse kwè moun ki t ap manifeste jounen yè a te tante anvayi lakay li, se ajan UDMO ki te bay gaz pou gaye foul la epi fè dilijans pou mèt la ak fanmi l te kite kay la. Manb SDP a pa t kite tan pase pou fè konnen sa se pawòl manti ki pa chita sou anyen.

Nan mesaj sa, André Michel estime kategori moun sa yo k ap fè pawòl sou do l yo se vle yo vle detwi l ak asasinen karaktè l. “Moun k ap bay manti yo vle asasinen karaktè m. Yo vle detwi m. Yo vle fini ak mwen. Mwen pa konn vòlè, mwen pa yon asasen, mwen pa nan kidnapping, mwen pa nan gang”, se konsa li te reyaji pou l fè konprann pa gen moun ki ka repwoche l anyen.

Yon lòt fwa ankò atravè mesaj li a, ansyen kandida pou pòs prezidan an raple yo vle elimine l fizikman men sa yo pa mache. “Mwen konnen tou yo vle elimine m fizikman. Men sa pa mache. Lespri zansèt yo ak lespri Sen an ap kontinye pwoteje m”.

Mèt la anndan mesaj li a t ap eseye kesyone pou ki rezon y ap atake l konsa pandan l di li pa vòlè lajan Pewokaribe, li pa mete gang nan peyi a, li poko janm jere lajan Leta. Li fè konnen manti pa manti, mannèv pa mannèv, l ap kontinye batay bò kote pèp la. “Yon sèl bagay m ap di yo, mwen p ap kanpe nan batay pou m patisipe nan chanje peyi m lan. Wi mwen vle patisipe kòm yon aktè enpòtan nan chanje Ayiti”.

Trè kritike dènye tan sa yo depi lè Ariel Henry nan tèt peyi a, sèten moun fè konnen li nan pouvwa a ak ekip li, André Michel deklare y ap mete konfizyon, yo pa vle pèp la wè verite a. “Yo pa vle pèp la wè SDP gen rezon, yo pa vle pèp la wè verite a. Se pou sa y ap mete konfizyon. Nou p ap ka kenbe pèp la nan manti toutan. Pèp la koumanse konprann. Popilasyon an ap gen pou li fin konprann tout bagay anvan lontan”.

Avoka pèp la jan yo te konn rele l nan yon sèten tan nan kad mobilizasyon kont pouvwa PHTK yo, te tou pwofite anonse pwojè li gen pou fen mwa sa pou Popilasyon an. “Mwen pral koumanse koze ak popilasyon an sou yon seri gwo dosye tankou elektrisite, dosye agrikilti, dosye politik entènasyonal, koze ekonomi, zafè djaspora, zafè edikasyon, zafè lasante, koze sekirite, lajistis, istwa Dayiti, anviwònman, kilti elatriye. Yo p ap ka fèmen bouch mwen. Yo p ap ka fèmen bouch SDP”.

Mèt André Michel envite aktè yo pran chimen dyalòg. Li envite yo mete tèt ansanm pou travay pou lapè, estabilite ak devlòpman. Li rete kwè se sa ki bon wout la pandan l te bay kòm egzanp Peyi Vwazen k ap avanse epi fè konnen nou ka konsa tou nan konstwi peyi a.

Nan fen mesaj li a, André Michel retrase pakou li pou l montre li soti nan zantray mas pèp la, li kote ak pèp la pa gen moun ki ka detwi relasyon li genyen ak pèp la.

7 fevriye: Mèt André Michel deklare pa gen deba ankò, kawòt yo kuit

Foto: Ody Bien-Eugène | Juno7

Dekouvri plis:

L’ancien PM a.i Claude Joseph et 12 chefs de gang interdits d’entrée en République dominicaine

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Militan pati dèyè avoka André Michel ak plizyè lòt figi politik ki te vin asiste antèman jounalis Lilianne...

Aktyalite AN KREYÒL

Getting your Trinity Audio player ready... Mèt André Michel fè konnen «Malfektè» pirate kont Twitter li, li pral ak dosye a DCPJ pou konn...

Actualités

Getting your Trinity Audio player ready... Le Secteur Démocratique et Populaire présente ses sympathies à la suite du décès de sa mère. Dans une...

Société

Getting your Trinity Audio player ready... Le Secteur Démocratique et Populaire (SDP) a distribué des produits alimentaires à plus de 1 000 familles dans...