Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Militan pati dèyè André Michel ak plizyè lòt figi politik ki te vin asiste fineray Lilianne Pierre Paul

Militan pati dèyè André Michel ak plizyè lòt figi politik ki te vin asiste fineray Lilianne Pierre Paul

Militan pati dèyè avoka André Michel ak plizyè lòt figi politik ki te vin asiste antèman jounalis Lilianne Pierre Paul.

Antèman jounalis Lilianne Pierre Paul chante jodi samdi 12 dawout la nan Pak Sent Terèz, komin Petyonvil. Plizyè santèn moun pami yo konfrè jounalis, politisyen, moun nan lòt sektè nan lavi nasyonal la, te vini asiste antèman potorik fanm sa ki te goumen pou libète laprès pandan peryòd diktati yo. Men, deblozay ta pral pete nan seremoni akoz prezans kèk figi militan ta estime ki pa gen plas yo nan espas la. Yo ta pral rele chalbare dèyè André Michel, Josué Pierre Louis, Jean Henry Céant, Newton Saint Juste elatriye.

Militan sa yo te mande anraje lè je yo tonbe sou kèk figi koni nan sektè politik la. Sa ki te fè yo pete deblozay pandan antèman ap chante. Yo te pati dèyè mèt André Michel kote yo te ap eseye anvayi l pou ta eseye pran l nan men sekirite ki t ap pwoteje l yo. Militan sa yo te voye bidon dlo, chèz dèyè pòt pawòl SDP a ki te oblije lage pye l rapid ak anpil vijilans ajan sekirite l ki t ap pwoteje l pou ede l kite espas la.

Byen bonè, kèk endividi pa t dakò prezans Josué Pierre Louis, sekretè jeneral Palè Nasyonal la, yo estime nan mikwo jounalis li pa gen plas li la, Lilianne Pierre Paul se modèl moun sa yo li te konn ap denonse ak konbat lè l te vivan.

Anpil pawòl piman bouk te lanse kont Newton Saint Juste, ansyen premye minis Henry Céant, ki pa t byenvini nan fineray sa ki kite kèk move imaj ant militan ak figi politik. Menm ansyen senatè Patrice Dumont pa t epanye ak kèk move pawòl moun t ap di kont li.

Nèg Arab la anpil moun konnen sou rezo sosyal yo te pran li menm tou plizyè chaplèt nan men kèk moun ki estime li pa t dwe prezan nan antèman jounalis la. Yo te pote boure sou li, ba l plizyè kou jistan li te arive lage pye l.

Lilianne Pierre Paul mouri 31 jiyè pase a. Selon pwòch li, se ta yon kriz kadyak ki ta koz sa. Lilianne te konn prezante jounal 4è nan radyo Kiskeya. Yon edisyon jounal moun te renmen tande anpil.

Militan pati dèyè André Michel ak plizyè lòt figi politik ki te vin asiste fineray Lilianne Pierre Paul

Dekouvri plis:

Le taux de référence calculé par la BRH pour ce samedi 12 Août 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Aktyalite AN KREYÒL

Mèt André Michel fè konnen «Malfektè» pirate kont Twitter li, li pral ak dosye a DCPJ pou konn sa k pase. Lendi maten 19...

Actualités

Le Secteur Démocratique et Populaire présente ses sympathies à la suite du décès de sa mère. Dans une note publiée ce mercredi 26 avril...

Société

Le Secteur Démocratique et Populaire (SDP) a distribué des produits alimentaires à plus de 1 000 familles dans le quartier de Carrefour Feuille. Avec...

Politique

Michel André et Marjory Michel, les deux porte-paroles officiels du Secteur Démocratique et Populaire, ont rencontré ce mardi 13 décembre l’ambassadeur du Mexique en...