Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

André Michel fè konnen «Malfektè» pirate kont Twitter li, l ap pote dosye a DCPJ

André Michel fè konnen pirate kont Twitter li, l ap pote dosye a DCPJ

Mèt André Michel fè konnen «Malfektè» pirate kont Twitter li, li pral ak dosye a DCPJ pou konn sa k pase.

Lendi maten 19 jen 2023 an, plizyè entènot te remake sou kont Twitter André Michel yon mesaj ki di: “Sa nou wè la poko anyen” ki akonpaye ak yon achtag #DwetSouBouch. Tweet sa anpil moun te fè screenshot li epi pwofite kritike mèt la. Yon tweet redaksyon jounal la te gen chans wè sou kont manb SDP a byen avan li te vin retire. Kèk minit aprè, konsène a monte sou paj Facebook li pou fè konnen se pa mesaj li, se Malfektè ki pirate kont li.

“Malfèktè Pirate kont Twitter Mwen! Dènye Mesaj ki pibliye sou kont lan maten a 8 h 8 la se pa Mwen ki fè li”, se mesaj sa mèt la ekri pou pote klarifikasyon.

Tweet sa ki siprime pou kounya, plizyè moun te getan ap entèprete l kòmkwa André Michel ap byen pase li nan pouvwa l. Gen lòt ki estime tweet sa se yon ensilt ak pèp la kote mèt la ap montre fòs Ariel Henry. Anpil entèpretasyon, anpil screenshot, anpil pataj sou rezo sosyal yo.

Mèt la fè konnen “Map Pote Dosye a nan DCPJ pou m ka konprann Sak pase a”. Pou li menm se ta endividi move entansyon ki pa vle wè ki ta fè sa.

N ap souliye pou ou anpil moun kritike mèt André Michel pou konpòtman li ta genyen Fas ak pouvwa sa ki diferan sou pouvwa defen Jovenel Moïse kote li te trè asid epi toujou pare pou mobilize. Anpil moun rete kwè mèt la ap mache ak pouvwa Ariel Henry a sa ki ta fè anpil kritik tonbe sou li dènye moman sa yo.

André Michel fè konnen <<Malfektè>> pirate kont Twitter li, l ap pote dosye a DCPJ

Dekouvri plis:

Haïti : l’essentiel de l’actualité pour ce lundi 19 juin 2023

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Tech

Elon Musk aurait-il licencié illégalement des dirigeants de Twitter? Les tribunaux devront statuer sur cette plainte. L’ancien oiseau bleu veut voler dans les plumes...

États-Unis

L’ex-président américain rejoint la plateforme X après deux ans et demi d’absence, partageant une photo d’identité judiciaire et un message énigmatique. Après une absence...

Aktyalite AN KREYÒL

Militan pati dèyè avoka André Michel ak plizyè lòt figi politik ki te vin asiste antèman jounalis Lilianne Pierre Paul. Antèman jounalis Lilianne Pierre...

Tech

Les raisons pour lesquelles Threads, la nouvelle application développée par Zuckerberg, ne supplantera jamais Twitter. Threads, la nouvelle application développée par Meta de Mark...