Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Anel Joseph sove, Clifford Brandt nan penitansye nasyonal

"Anel Joseph est dépossédé de ses téléphones"

Yè jedi 25 fevriye a, yon evazyon fèt nan mitan jounen an nan prizon sivil Kwadèboukè a kote plizyè prizonye sove.

Prizon sa ki gen ladan l ansyen depite Arnel Belizaire ak chèf gang Anel Joseph, dènye nou site a sove kite prizon an pandan evazyon sa, daprè sa pòt pawòl PNH la, Garry Desrosiers konfime.

Enfòmasyon fè kwè gen anviwon 7 moun ki mouri anndan prizon an pandan evazyon sa. Daprè enfòmasyon Juno7 genyen, chèf prizon Kwadèboukè a, enspektè Paul Joseph Victor resevwa yon bal nan tèt pandan evazyon sa epi rive rann dènye souf li.

Si bri t ap kouri nan lari a pou di Clifford Brandt ta sove kite prizon an, Garry Desrosiers konfime li pa t nan prizon Kwadèboukè a, depi kèk tan se nan penitansye nasyonal Clifford Brandt ye.

Selon enfòmasyon sal redaksyon Juno7 la genyen, responsab prizon yo fin fè kontwòl nimerik la deja pou konnen kantite prizyone ki sove men nou po ko konfime si kontwòl nominatif la fèt deja pou konnen idantite sa ki nan lari yo.

Apre evazyon sa, lapolis te arive mete men sou plizyè prizyone ki te getan sove kite prizon an. Plizyè videyo k ap sikile sou rezo a montre jan fòs lòd yo repran prizyone sa yo. Si plizyè prizonye retounen nan prizon an, plizyè lòt ki te getan chape poul yo gaye nan vil la, pami yo chèf gang Anel Joseph.

Touswit apre zak sa, Direktè jeneral la Léon Charles te rann li sou plas pou sipèvize evaliyasyon pou kapab finalize bilan definitif la. Nan delegasyon sa te genyen tou responsab DCPJ a enspektè Frederick Leconte, enspektè jeneral Charles Nazaire ki se direktè APENA ak plizyè wo kad epi teknisyen ki te akonpaye ak jij de pè.

Pou kounya popilasyon an ap tann otorite nan lapolis yo pou drese bilan definitif sou sa k pase a epi bay detay sou koz ki fè aksyon sa pwodui anndan prizon sa.

Dekouvri plis :

Météo Haïti: les prévisions pour ce Vendredi 26 Février 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Sécurité

Menace d’évasion à la prison civile de la Croix-des-Bouquets à l’occasion des fêtes pascales, le RNDDH demande à la DAP de prendre des mesures...

Actualités

Entre 200 et 400 prisonniers en cavale à la suite de l’évasion à la prison civile de Croix des Bouquets, Arnel Joseph abattu à...

Actualités

Le chef de gang Anel Joseph a tenté en vain de s’évader de la prison civile de Croix des bouquets ce jeudi 23 juillet....

Actualités

Le président du tribunal criminel des Gonaïves dans le cadre du procès de Clifford Harry Brandt et consorts, Pierre Michel Denis a prononcé le...