Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Anpil moun debake nan Ayewopò Okap la paske yon rimè fè konnen gen yon avyon ki vin pran moun gratis

Anpil moun debake nan Ayewopò Okap la paske yon enfòmasyon fè konnen gen yon avyon ki vin pran moun gratis
Getting your Trinity Audio player ready...

Yon foul moun ki bon nan pwogram Biden debake nan Ayewopò Okap la paske yon rimè fè konnen gen yon avyon k ap pote moun gratis pou kite peyi a

Sou paj rezo sosyal yo, Ti Zo le Specimen fè konnen gen yon avyon nan Ayewopò entènasyonal Okap la ki vini pou bote gratis moun ki bon nan pwogram Biden, sa ki ta pral chofe rezo a epi pouse anpil sitwayen ki te tou prè Ayewopò a kouri rive.

Jounalis Edwardo Pierre k ap travay pou Radyo Tropikal te rive sou plas fè Juno7 konnen ke li te remake yon foul moun nan rantre Ayewopò a ki te ak malèt, papye yo apwouve elatriye. Konfrè a fè konnen pandan l te sou plas li pa t wè okenn avyon vole men enfòmasyon kèk anplwaye bay fè konnen se yon avyon ki vin pran resòtisan etranje epi te tou pwofite bay posiblite ak kèk ayisyen ki elijib kapab vwayaje gratis.

“Lè m te nan espas la mwen te wè yon bon kantite moun. Nan espas la chaje machin prive tou k ap pote moun vini nan Ayewopò a. Moun yo montre klè se okazyon an yo pa vle rate konsènan enfòmasyon ki t ap sikile a. Yo vini avèk malèt, anvlòp jòn epi paspò ak papye yo apwouve a”, se sa Edwardo Pierre rakonte redaksyon jounal Juno7.

Edwardo Pierre te kontinye pou l di nou tout tan li te nan Ayewopò a pa t gen okenn avyon ki vole men li te remake yon elikoptè kòm dabitid ki toujou ap vole dènye moman sa yo pou vin pran ak depoze moun nan Ayewopò a.

Konfrè Jounalis la pa t an mezi konfime si gen moun ki jwenn chans monte avyon an paske li souliye foul moun yo se devan Ayewopò a yo te kanpe, yo pa t gen vrèman aksè ak anndan an.
Toutfwa, kèk anplwaye fè konnen se yon avyon ki vin pran resòtisan etranje men ki te tou gen volonte ale ak kèk moun gratis ki bon nan pwogram Biden men ki bloke an Ayiti akoz sitiyasyon peyi a ki fè avyon pa vole.

N ap raple w se sèlman konpayi komèsyal Sunrise Airways ki òganize vòl sou peyi a soti Okap ale Miami epi Miami rantre Okap. Gen yon vòl espesyal tou ki fè Okay pou ale Okap.

Anpil moun debake nan Ayewopò Okap la paske yon enfòmasyon fè konnen gen yon avyon ki vin pran moun gratis

À lire aussi :

Le ReNES proteste contre la violence des gangs

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu