Connect with us

Hi, what are you looking for?

An kreyòl

Aprè 219 lane, ensekirite, divizyon ak koripsyon kontinye ap layite anba drapo a 

Aprè 219 lane, ensekirite, divizyon ak koripsyon kontinye ap layite anba drapo a 
Getting your Trinity Audio player ready...

Aprè 219 lane, ensekirite, divizyon, koripsyon, lavi chè kontinye ap layite kò yo anba drapo a.

18 me sa fè 219 lane depi drapo ble e wouj la kreye. Li se yon dat kote n ap selebre fèt drapo ak inivèsite a. Si n ap refere n ak listwa, drapo sa jwenn kreyasyon l pa Catherine Flon ki te koud li nan vil Akayè, 18 me 1803. Yon drapo ki reprezante senbòl idantite nou epi linyon men domaj nou arive pase l anba pye nan aksyon malonèt n ap poze chak jou ki jou kote ensekirite, divizyon, kòripsyon ,lavi chè ap taye banda.

N ap fete fèt drapo ak inivèsite nan yon peryòd kote ensekirite fè mikalaw nan tout rak kwen anndan peyi a patikilyèman nan rejyon metropolitèn nan. Chak grenn kretyen vivan ki tonbe anba grenn bal nèg ak zam se tankou yon kout kouto Ayiti pran pou l wè pwòp pitit li k ap goumen youn ak lòt. Dèfwa nou chache rezon ki fè gen chire pit konsa anba drapo a, nou pa ka jwenn li. Moun yo san konsyans, moun yo bliye si yo lib, moun yo bliye konbyen goumen zanzèt yo goumen pou ba nou yon drapo ki se mak idantite n, moun yo bliye konba ki mennen pou n rive nan premye janvye 1804.

Chak grenn bal ki voye yon pitit Ayiti anba tè se tankou yon kout flèch, yon kout kouto Ayiti resevwa nan po do l.

Peyi a malad, san Ayiti ap koule anba je otorite yo ak tout elit peyi a. Grangou, mizè gaye tout kote pandan koripsyon ap rantre byen fon nan po do peyi a pou vin taye banda.

Moun yo fin souse peyi a, nou pa ekspwate richès nou yo pou pèmèt nou pran kab nou, nou renmen rale pase nou pandan nou pa rann kont konbyen wont nou fè sa k te goumen pou n la yo wont.

Nou jwenn vye politisyen trèt ki vann drapo a ak tout peyi a pou enterè mesken. Catherine Flon goumen li koud drapo a pou ba n idantite n, zansèt yo goumen yo ba n 1804 pou n lib, men afòs n ap mal aji nou mete peyi a ajenou, nou plen do peyi a ak kout kouto ak flèch jis pou enterè pèsonèl. Nou san idantite, nou pa lib tout bon epi nou etranje nan pwòp peyi n.

Nou sonje drapo n chak 18 me, nou sonje drapo n chak yon gwo evènman oubyen yon atlèt ale reprezante peyi a nan yon konpetisyon entènasyonal , nou sonje drapo n ak peyi n chak yon moun ki okipe gwo fonksyon lòt bò dlo epi yo di n li gen orijin ayisyèn. Se lè sa nou sonje n gen drapo, nou sonje n gen peyi.

Nou pa rann nou kont peyi a ap mouri anba drapo a, pitit peyi a ap toufe anba drapo. Nou pa rann nou kont moun yo fè drapo a fè miyèt moso pa gen okenn respè pou li. Nou pa rann nou konn Ayiti ap peri ak tout drapo a tèlman n ap desann nan yon twou nou pa menm konn pwofondè l.

Drapo a se fyète m, se fyète w, se fyète l, se fyète nou tout. Kisa nou fè pou n rann nou fyè anba drapo sa kote Ayiti pa sispann ap senyen anba l, san pa sispann ap koule, pitit peyi a pa sispann ap benyen nan san, nou pèdi tout valè imèn ak demokratik yo, nou bliye deviz nou ki se linyon fè lafòs , pa gen fratènite , libète ak egalite , nou bezwen revèy nasyonal ak konsyans kolektif pou rekoud drapo a ki fin dechire . Medite sou sens ak senbòl drapo a.

Aprè 219 lane, ensekirite, divizyon ak koripsyon kontinye ap layite anba drapo a 

Dekouvri plis:

18 mai 1803: création du drapeau haïtien

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu