Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Arestasyon Ansyen depite Cholzer Chancy nan kad dosye koripsyon CNE

Arestasyon Ansyen depite Cholzer Chancy nan kad dosye koripsyon nan CNE

Ansyen depite Cholzer Chancy jwenn arestasyon l apre jij Al Duniel Dimanche fin tande l nan kad dosye kòripsyon nan CNE a.

Jij kap enstwi dosye kòripsyon nan Sant Nasyonal Ekipman yo, Al Duniel Dimanche pa deside bay vag ditou nan ankèt lap mennen an. Grefye jij enstriktè a, Benchy Fontus konfime apre majistra a fin tande ansyen depite Ènri a, Cholzer Chancy jodi lendi 22 janvye 2024 la, li òdone yo mete l nan depo.

“Wi, ansyen depite a pa rantre lakay li paske jij la jwenn endis pou yo mete l nan depo” se sa grefye Fontus deklare nan yon repons tou kout li te bay Juno7 san l pat vle antre nan plis detay.

Ansyen prezidan chanm depite a rive jwenn arestasyon l sou dezyèm odisyon l nan kad dosye sa a e se premye moun jij la kenbe nan dosye a. Fòk nou souliye gen manda entènasyonal ki lage dèyè plizyè ansyen pèsonalite tankou ansyen prezidan Michel Joseph Martelly, Jocelerme Privert, ansyen premye minis Jack Guy Lafontant, Evans Paul, Jean Henry Céant nan kad dosye sa.

Arestasyon Ansyen depite Cholzer Chancy nan kad dosye koripsyon nan CNE

Dekouvri plis:

Robenson Lauvince a représenté les Caraïbes au Festival Sundance pour discuter du cinéma

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Actualités

Incarcéré dans le cadre du dossier de corruption au CNE, l’ex-député Cholzer Chancy a été libéré par le juge Merlan Belabre Incarcéré le 22...

Actualités

Le parti politique ASE salue la décision de Cholzer Chancy de répondre à l’invitation du juge instructeur Al Duniel Dimanche et apporte son soutien...

Actualités

L’ancien président de la chambre des députés, Cholzer Chancy a été transféré ce mardi 23 janvier au Pénitencier National. Une source policière a confirmé...

Justice

Rony Celestin et Jack Guy Lafontant sont ordonnés à comparaitre au Cabinet du Juge Al Duniel Dimanche pour corruption. Le juge instruisant le dossier...