Connect with us

Hi, what are you looking for?

Actualités

Atis Bourik The Latalay, Percutant Flow ak 4 lòt jèn gason yo libere

Lajistis libere Bourik The Latalay, Percutant Flow ak 4 lòt jèn 4 gason ki te akonpaye 2 atis yo.

Pakè Pòtoprens libere jodi mèkredi 9 out la Kernizan Wilkinson anpil moun konnen sou non atis li ki se Bourik The Latalay, Edmond Gesnelson Junior ki gen non atis Percutant Flow plis 4 lòt jèn gason ki se Fatal Guerson, Lestin Garlynsky, Juste Ismitchel ak François Ricky Butervens. Lapolis te arete tout madi 25 jiyè pase a epi fè konnen yo te gen akizasyon moun nan popilasyon bò lakay yo ki ta fè kwè yo ta pral choute videyo mizik anndan Vilaj de Dye. Yon akizasyon anpil moun te voye jete epi fè konnen ti mesye yo se Kafoufèy yo ta prale pandan yo pa t sispann mande liberasyon yo e menm lanse petisyon.

Depi yè madi a, yo te tande tout nèg yo nan Pakè men yo pa t rive libere yo, sa ki te fè anpil moun fache ki t ap tann nèg yo libere sitou Bourik The Latalay.
Maten an, lapolis te monte ak nèg yo nan pakè epi yo ta pral jwenn liberasyon yo kèk èd tan aprè.

Yon liberasyon ki fè anpil moun kontan ki te nan lakou Pakè a. Moun bò kay Bourik The Latalay te akonpaye l sot nan Pakè rive nan blòk li ki se Riyèl Vaillant, Ravin Pentad ak lokalite Site Choun (twa katye ki kole).

Atis la pa t fè okenn deklarasyon nan mikwo laprès jiskaske li rive lakay li ak yon vizaj ki montre li fatige, twomatize aprè l fin pase 15 jou nan gadavi komisarya Pòtoprens.

Depi arestasyon an, 2 atis yo pa t sispann resevwa sipò fanatik, atis ki te kanpe ak yo epi vin wè yo. Nou ka site Izolan, TonyMix, Atroce Rockfam elatriye.

N ap raple pandan arestasyon 6 nèg yo, lapolis te met lapat sou yo pandan yo te nan yon machin mak Honda CRV koulè ble ki pa t gen plak pa dèyè. Lapolis pa t twouve anyen sou yo ni nan machin lan men arestasyon an.

Kèk moun aprè arestasyon an denonse konpòtman PNH ki renmen pibliye foto ak videyo moun san lajistis poko pwononse l sou dosye yo. Yo estime sèten fwa konpòtman sa sal imaj kèk moun ki inosan.

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu