Connect with us

Hi, what are you looking for?

Aktyalite AN KREYÒL

Lapolis arete nan Ayewopò Toussaint Louverture yon fanm Lanmò San Jou ki ta pral pati nan pwogram Biden

Lapolis arete nan Ayewopò Toussaint Louverture yon fanm Lanmò San Jou ki ta pral pati nan pwogram Biden

Lapolis arete nan Ayewopò Toussaint Louverture yon fanm Lanmò San Jou ki ta pral pati nan pwogram Biden.

Lapolis sou paj Facebook li atravè yon videyo anonse li arete vandredi 22 septanm lan, Pierre Darlène Ermelus, 38 lane, ki se fanm Lanmò San Jou, chèf gang 400 Mawozo a k ap opere nan komin Kwadèboukè. Arestasyon sa fèt nan Ayewopò Toussaint Louverture pandan dam sa ta pral pati pou ale Etazini nan kad pwogram Biden lan.

Nan yon entèwogatwa ak lapolis dam nan fè konnen se yon sèl fwa li te kontre ak Lanmò San Jou nan kad bagay mistik li te pran kout poud nan pye, yon kouzin li te mennen l kay ougan. Se sa k fè li ta pral rankontre chèf gang 400 Mawozo a.

Li nye tout sa polisye yo ta repwoche l kòm akizasyon nan fè konnen li pa konn anyen nan kòkòday ak Lanmò San Jou epi voye akizasyon yo jete.

Malgre yo te akize l sou rezo a, li pa t janm ale pote plent pou demanti sa k ap di sou li yo. Nan entèwogatwa a li fè konnen li pa t pran sa k ap di yo pou serye.

Pou kounya, li nan men lapolis pou swit legal yo. N ap raple w Lanmò San Jou li menm toujou gen avi rechèch dèyè l pou asosiyasyon malfektè, asasina elatriye.

Lapolis arete nan Ayewopò Toussaint Louverture yon fanm Lanmò San Jou ki ta pral pati nan pwogram Biden

 Dekouvri plis:

Le Mexique signe un accord avec les États-Unis pour expulser les migrants de ses villes frontalières

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu