Connect with us

Hi, what are you looking for?

Société

Ayisyen po t ko pare pou rezo sosyal yo, daprè Bossbens

Ayisyen po t ko pare pou rezo sosyal yo, daprè Bossbens

Kritike, apresye, ankouraje tou pa entènot yo, Jean Ebens Jerome anpil moun konnen sou non Bossbens se youn pami kèk ayisyen sou rezo a ki kreye sansasyon nan fason pa l. Sal redaksyon Juno7 la te f on pale ak sitwayen sa ki gen yon emisyon ki rele Bossbens Show epi te tou pwofite abòde plizyè sijè.

Bossbens Show pwojè Jean Ebens Jerome pran a kè

Byen avan Bossbens te abòde sijè rezo sosyo a sou jan l konprann evolisyon l, natif Latibonit lan te pwofite eksplike kote Bossbens lan soti epi tou vini ak Bossbens show a

“Monchè se lè e-mail kòmanse epi m g on zanmi m misye se bon zanmi m, misye mete Master devan non l epi mwen menm mwen di m pral fè e-mail pa m epi m di kèt ki sa k ka egal a yon master epi m di se yon boss… Se la non an soti. Epi lè m rive Kanada m di m ap fè Bossbens Show.”

Bossbens Show te konn pase sou yon televizyon nan peyi Kanada, apre 7 mwa difizyon, Jean Ebens Jerome fè konnen li te vin kanpe paske li pa t ka peye l, yo te koupe kontra a. An 2014, Bossbens vin fè emisyon an plis kiltirèl epi gen yon ekip ak li depi 7 lane, daprè sa l eksplike.

Show sa ki pase sou televizyon kounya woule anpil lòt kote tankou Pòtoprens sou tele Espace, Latibonit sou tele Armani, Radyo tele Lagonav, Tele 6 nan Okay, Ici télévision nan Kanada, li Lafrans ak Etazini nan eta Florid ak Nouyòk.

Show sa si byen avan se te tipikman yon show evanjelik, kounya kontni an chanje selon sa Bossbens fè konnen kote gen plis sijè ladan l

“Nou pale de jèn, nou pale de politik, nou pale sijè fanmi, nou pale sante. M gen lòt moun ki pale de makiyaj. Li kiltirèl epi li espirityèl”.

“Ayisyen po t ko prè pou rezo sosyal yo”, daprè Bossbens

Sa fè plizyè lane koze entènèt ap pran yon evolisyon pa bò isit kote chak moun itilize l yon fason diferan. Bossbens toujou nan pale ak redaksyon an kwè ke anpil konpatriyòt pa ko prè pou rezo sosyo nan fason y ap itilize l la pandan etranje a kreye li menm mwayen pou l fè kòb ak li

“Ayisyen po t ko prè pou rezo sosyal yo. W ap gade pou wè pou yon nèg kanpe la li kreye yon Watsap li fè plizyè milyon dola avè l epi l ap eseye fè lòt bagay avè l epi ayisyen an sa l fè li menm se zen l fè sou li, se tripotay li fè sou li, li itilize l mal”.

“Malerezman evolisyon an nou pa pwofite. Lòt moun kreye l pou fè lòt bagay men nou menm se zen pete nou fè avè l. Moun lan g on telefòn nan men l li fè 1 è tan ap tcheke Facebook la ap gad videyo, li fè 1 è tan sou Instagram, li pase tout tan l, sa vle di nou mal itilize l. Revolisyon rezo sosyal yo pa anfavè anpil nan nou, tout sa nou mete an valè se sa k pa bon yo. Rezo sosyal yo fè ayisyen vin plis medyòk”, kritike Jean Ebens Jerome.

Pi lwen, Bossbens estime rezo sosyal yo jodia ekspoze tout medyokrite ayisyen genyen lakay yo paske daprè li se plis zen moun yo pwodui

“Rezo sosyal yo se li ki ekspoze tout medyokrite ayisyen. Nèg la pa bezwen konnen depi l kanpe la pi fò show k ap fèt yo se zen. Epi lè w ap ankouraje yon nèg k ap fè zen pale de mari moun, fanm moun epi se li w ap bay piblisite ou jis ap ankouraje medyokrite, ou di l sa l ap fè a bon, good job”.

Sou rezo a gen entènot ki konn di Bossbens renmen atake animatè oubyen lòt moun pou fè buzz, lè nou te mande l sa l ka di sou sa, enterese a te eksplike konsa pou l di l pa atake moun

“M pa atake moun. Si yon moun sal depi w ap pale de pwòpte l ap pè. Depi Bossbens ap pale sa deranje anpil moun ki ilegal. M pa janm atake moun, m di sa ki verite a”.

Akote de Bossbens Show, Jean Ebens Jerome se yon biznisman ki envesti nan lòt bagay daprè sa l di nou. Li pa kache rèv li pou l di li anvi miltimilyadè, gen jet prive l ki make Bossbens.

Pou te fèmen konvèsasyon ak redaksyon an, Bossbens envite moun yo pale pou tèt yo pa kite moun pale nan plas yo. Li ankouraje moun ki gen platfòm epi posiblite pou bay lapawòl pou bay moun ki dwe pale pale. Li swete popilasyon an, dirijan yo pran konsyans pou sa chanje.

Dekouvri plis:

Le taux de référence de la BRH pour ce Samedi 6 Mars 2021

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu

Tech

Nan dènye moman sa yo, zye anpil nan konpatriyòt nou yo komanse louvri sou enpòtans rezo sosyal yo genyen nan lavi yo. Kit se...