Connect with us

Hi, what are you looking for?

Sports

“Ayiti pèp mwen, wi nou pral nan lig dè chanpyon an”, deklarasyon Frantzdy Pierrot avan tiraj la

Getting your Trinity Audio player ready...

“Ayiti pèp mwen, wi nou pral nan lig dè chanpyon an”, deklarasyon atakan Frantzdy Pierrot avan tiraj la.

Foutbòlè ayisyen an, Frantzdy Pierrot, nan yon mesaj li poste maten jedi 25 out 2022 a sou paj Facebook li, raple ak konpatriyòt li yo, li pral nan lig dè chanpyon. Yon deklarasyon ki pratikman mande ak popilasyon ayisyèn lan sipòte grenadye a ki pèmèt ak club li Maccabi Haïfa kalifye pou faz final lig dè chanpyon an, yon konpetisyon ki gen anpil enpòtans an Ewòp.

Jodia nan peyi Tiki, club Frantzdy Pierrot a ap konnen nan ki gwoup l ap ye epi ki ekip l ap gen pou afwonte. Anpil tizè foutbòl pa bò isit rete ap tann pou konnen ak defans ki ekip grenadye a pral gen pou l twoke kòn. Ekip Maccabi Haïfa a twouve l nan chapo 4, li gen chans jwenn anpil gwo moso sou wout li pandan tiraj sa. Sa pa anpeche moun yo ankouraje pitit Kap Ayisyen an ki fè yon bèl prestassyon lè l make 5 gòl nan tou preliminè ki pèmèt ekip li an la. Pou mete plis chalè bò kote fanatik li yo, li poste 3 foto epi mete yon ti mesaj ki di: “Ayiti pèp mwen. Wi nou pral nan lig dè chanpyon an. ”

Maccabi Haïfa te jwe ak Olylpiacos, Apollon Limassol epi Étoile Rouge de Belgrade, li elimine yo tout pou te kapab genyen yon biyè ki ba l dwa jwe faz de gwoup konpetisyon an.

Frantzdy Pierrot vini katriyèm ayisyen ki pral jwe konpetisyon sa aprè Wagneau Eloi avèk RC Lens (1998-1999) epi AS Monaco (2000-2001). Reginald Goreux avèk Standard de Liège (2009-2010). Donald Guerrier avèk Qarabãg FK an 2017-2018.

Dekouvri plis:

Faire de Jérémie un lieu touristique comparable à Punta Cana, une option préférentielle

Click to comment

Laisser un commentaire

Plus de contenu